• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

“Se pirate yo pirate sit petisyon Federasyon pwotestan ak Shekinah te lanse a”

27 juillet 2020

Jou ki te 23 jiyè ki sot pase a, B-atitid te pibliye yon atik pou fè remake yon seri chanjman ki te fèt nan petisyon Federasyon Pwotestan ansanm ak Shekinah te pibliye kont nouvo Kòd penal la. Men selon Pastè Lemète Zephyr, petisyon sa ki an liy depi 12 jiyè ki sot pase a viktim pirataj.

 

Pastè a fè deklarasyon sa pandan li t ap pale nan emisyon Panel Magik ki sou radyo Magik 9 jodi 27 jiyè a. « Se sabote yo sabote sit la. Moun ki bezwen denigre mouvman an epi divize sektè pwotestan an ki sèvi avèk zouti elektwonik pou pirate sit sa. Yo mete pwòp sa yo ta renmen ki ladan li pandan yo retire nannan petisyon an », selon sa Lemète Zephyr di egzakteman.

Li fè konnen se nan aprè midi 25 jiyè a yo rele l pou fè l konnen sa ki pase a. Pou kounya, Federasyon pwotestan ansanm ak Shekinah pral fè soti yon nòt pou eksplike piblik la sa ki pase a toujou daprè pastè a.

Li deja asire pozisyon yo ak kwayans yo kont nouvo Kòd penal la pa chanje. « Tout dokimantasyon n ap pibliye yo se bagay ki fèt avèk plizyè moun tankou avoka, tewolojyen ak lengwis ki nan plizyè komisyon nan Federasyon pwotestan an », selon sa Lemète Zephyr fè konnen.

Ou ka li tou:  Federasyon pwotestant ak Shekinah modifye petisyon yo te lanse kont nouvo Dekrè

Pastè a repete nan emisyon an, Bondye te kreye gason pou marye ansanm avèk fi pou fè fanmi. Li kwè tou gen yon seri bagay ki nan Kòd sivil ayisyen an tankou timoun dwe gen relasyon seksyèl aprè 18 lane ki dwe konsève.

Lemète Zéphyr deklare Ayiti se yon peyi lib ki gen kilti pa li ak mès pa li e ki pa dwe ap pran dikte nan men peyi letranje. « Tout moun kèlkeswa kwayans yo, kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo dwe viv lib sou teritwa a san okenn moun pa gen dwa enpoze majorite a volonte pa li », daprè pastè Zéphyr.  

 

Hadson A. Albert

Kredi foto: Ted Actu

Share

Actualités

Leave A Reply


Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés