
Ayè lendi a, pa gen anpil lekòl Ayiti ki te louvri. Pi fò sanble te bay randevou pou madi, paske lendi a, jou ki vin apre Dimanch Pak la, se yon jou espesyal ki genyen tradisyon li tou. Mwen dekouvri se lendi Quasimodo. Men poukisa Quasimodo ? Kote non sa soti menm ? Eske sa gen awè ak pèsonaj istwa Notre Dame de Paris a ? Mistè a retni atansyon mwen, e mwen oblije fon ti rechèch pou konnen poukisa jou sa rele konsa.
Premye rechèch yo montre anfèt, se sitou dimanch ki vin apre dimanch Pak la ki rele Dimanch Quasimodo a. Men se lendi a nou plis di lakay nou. Kijan fè se lendi a, e non pa dimanch la nou plis deziye konsa ? Mwen pa jwenn repons la.
Kanta non an, orijin nan soti nan pratik Legliz katolik, e li gen yon rezon byen senp : se premye pawòl ki pwononse nan lamès ki fèt nan dimanch sou 8e jou a apre Pak la !
Men sa fraz la di : “Quasi modo geniti infantes, rationabile, sine dolo lac concupiscite“, ki vle di “Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe”.
Se yon jan pou di Legliz rekonèt renesans espirityèl nouvo Kretyen sa yo ki te batize lavèy, nan mès Pak la. Se te yon pratik nan tan Mwayenaj, kote nouvo batize yo te mete rad blan pandan semèn ki swiv Pak la, pou senbolize jan lespri yo retounen san tach.
Piske fraz la te kòmanse ak mo sa yo, moun Legliz yo tou pran abitid rele nouvone sa yo Quasimodo. Epi non an tou rete pou yo. Epi non an tou pase pou jou apre Pak la yo.
Kanta lyen avèk non Quasimodo, pèsonaj nan pyès Victor Hugo a, olye se li ki bay jou a non jan m te konprann nan, se envès la pito, paske selon istwa a, Frolo ba li non sa paske se yon jou Dimanch Quasimodo yo te abandone li sou mach katedral la.
Vwala. Se istwa a sa.
Leave A Reply