Nan Jenèz 2.18 li di « li pa bon pou yon moun viv sèl. » Selon Labib inyon gason ak yon fanm dwe fèt nan maryaj. Sepandan kalite maryaj Kretyen yo chwazi a konn poze pwoblèm nan kèk kominote relijye.
Fanmi se premye enstitisyon sosyal nan listwa limanite. Nou kapab wè sa nan Labib depi nan jaden Edenn avèk Adan ak Èv. Si nan Labib, anpil vèsè pale de maryaj yo pa bay okenn kondisyon sou kijan sa dwe oubyen kijan yon seremoni dwe dewoule jan sa fèt pami Kretyen yo jounen jodi a.
Fòk nou di gen anviwon 2 tip maryaj. Gen maryaj relijye ki se seremoni ki fèt anndan yon tanp epi yon lidè relijye selebre. Aprè genyen maryaj sivil la li menm kote moun k ap marye yo se devan yon ofisye etasivil yo ale pou selebre li epi siyen yon papye.
Maryaj relijye se yon eritaj legliz Katolik
Maryaj relijye a ki se maryaj anpil kretyen pwotestan adopte se yon eritaj legliz katolik. Pou Katolik yo, maryaj fè pati 7 sakreman Legliz la. Soti katriyèm pou rive onzyèm syèk, lè 2 moun ap marye yo te konn jis envite yon responsab nan fanmi yo, yon evèk osinon yon prèt leglik la nan fèt maryaj la pou priye pou yo.
Se plis ant nevyèm ak dizyèm syèk maryaj pral vin yon enstitisyon piblik aprè anpil dirijan legliz katolik t ap fòse pou se Legliz la ki dakò maryaj 2 moun aprè yo fin Mennen yon ankèt sou yo. Nan lane 900, Léon VI egzije fòmèlman pou tout moun k ap viv nan zòn oryantal la mande pou tout moun marye fè sa devan legliz.
Se jis an 1563, Legliz Katolik nan zòn oksidantal yo pral adopte konsiy sa aprè sa yo rele « Concile de Trente » lan. Lè Martin Luther te pwoteste kont legliz katolik an 1517, li menm, li te kenbe maryaj ak Lasèn kòm eritaj. Pou maryaj sivil yo se Leta chak peyi ki deside kòman sa dwe fèt.
Pwosesis legal pou yon koup marye
Depi desanm 1929 se ofisye etasivil ak responsab kominote relijye Leta rekonèt ki jere koze maryaj an Ayiti.
Pou 2 moun marye se dwe dabò yon fi ak yon gason, selon sa Kòd sivil la egzije. Aprè fòk yo antann pou yo al fè demach yo ansanm. Demach la ka legal, sa vle di y ale dirèk bò kote yon enstitisyon Leta oubyen relijye. Men li ka tou 2 a lafwa tou.
« Pou yon gason marye fòk li gen 18 lane, poutan yon fi ka marye a 15 lane men fòk se prezidan Repiblik la ki bay pèmisyon pou sa », selon presizyon Hans Berry Jacques ki se jiris.
Si moun yo se maryaj sivil yo ap fè y ap pote devan yon ofisye etasivil yon kopi ak orijinal batistè yo, kat idantifikasyon yo, yon sètifika prenipsyal Byentèt sosyal ba yo ak yon papye ki pwouve youn nan yo rete nan vil kote y ap marye a. Yo dwe prezante ak anviwon 4 temwen tou. Si moun yo vle fè maryaj relijye y ap jis bezwen temwen ak kèt lòt pyès selon egzijans ak prensip legliz k ap selebre maryaj la.
Si moun yo chwazi fè yon maryaj relijye aprè selebrasyon an responsab kominote a dwe pote yon papye bay ofisye etasivil la pou l valide li. « Leta bay responsab kominote relijye yo dwa pou yo selebre maryaj. Men apre selebrasyon an fòk yo pote papye maryaj la bay ofisye etasivil ki pi pre li a tousuit pou anrejistre li », toujou daprè Hans Berry Jacques k ap pale toujou.

Hans Berry Jacques kontinye pou l di « Si yon maryaj relijye fèt epi pastè a pa pote papye maryaj la bay ofisye etasivil la pou l li anrejistre l epi pou remèt li yon dokiman sivil, Leta p ap rekonèt maryaj sa. Moun yo p ap ka itilize papye yo a okenn kote paske li pa legal.”
Si 2 moun ki marye legliz dwe pote pyès yo devan yon ofisye Leta, Hans Berry Jacques fè konnen 2 moun ka chwazi fè maryaj sivil sèlman san yo pa fè okenn selebrasyon relijye. Leta ap rekonèt li.
Legliz ta dwe rekonèt li tou paske Women 13 mande pou kwayan yo respekte otorite ki etabli yo.
Men, gen kèk legliz ki pa bay koup ki fè maryaj sivil yo twòp enpòtans nan kominote relijye yo. Kretyen ki apiye pratik sa yo estime se Bondye ki te enstitiye maryaj depi lakreyasyon.
Aspè relijye ak sosyal nan maryaj
Pou Pastè Etzer Paul ki se responsab legliz Méthodiste de Duplan, maryaj se yon dosye sivil li ye dabò. Maryaj ki site nan Labib li pa t nesèman yon seremoni relijye se te pito yon selebrasyon sosyal.
Selon Pastè Paul, kretyen yo imite pèp Jwif la pou yo plis baze tout sa y ap fè sou tewokrasi. Kidonk tout sa y ap fè yo vle mete Bondye devan ladan li.
Li presize pou l di « seremoni relijye a se yon moman pou koup yo priye Bondye men se yon espas tou pou yon pwomosyon sosyal fèt paske se la anpil moun pral okouran de maryaj la. »
Pastè Paul di l regrèt jan aspè sosyal ki ekzije bèl seremoni an fè anpil moun pè marye. Pou li, moun yo vin panse se seremoni an ki maryaj la. « Se yon gwo pèsepsyon nou dwe konbat. »
Li kontinye pou l di, « maryaj pa yon sakreman nou menm Kretyen pwotestan, kidonk nou gen yon jan nou dwe abòde li. Pou nou, maryaj rantre nan lòd kreyasyonèl la. »
Bò kote pa li Molière Merisca ki se pastè legliz Assemblée de Dieu de Jacquet ki nan Petyonvil fè konnen maryaj se yon aktivite espirityèl anvan tout bagay. Se akonplisman volonte Bondye.
« Lè 2 moun marye, yo pa fè sa pou volonte pa yo men se nan volonte Bondye yo fè li. Yo vle viv ansanm pou reflete lanmou Bondye. Maryaj se imaj relasyon antre Jezikri ak legliz. »
Pastè Molière Merisca rekonèt maryaj sivil se maryaj ki legal. Li pa gen okenn pwoblèm ak yon koup ki pa t Kretyen ki te fè maryaj sivil anvan li vin konvèti.
Li eksplike li te gen yon ka konsa nan kominote li ap dirije a ki te panse yo pa t diy pou pran lasèn legliz la. Li di li te akonpanye yo pou entegre yo nan legliz la san seremoni relijye. Sepandan, li wè yon Kretyen ki jis chwazi al marye devan Lalwa san yon seremoni relijye kòm yon moun ki poze yon aksyon ki twò liberal.
Li fè konnen lidè relijye yo gen yon responsabilite espirityèl anvan tout bagay. Pastè Molière Merisca di moun yo mal entèprete Women 13 ki mande pou Kretyen respekte otorite etabli. « Selon pasaj sa si yon moun fè yon maryaj sivil nou dwe rekonèt li. Men sa pa bay yon kretyen dwa pou li sote nou kòm lidè relijye pou l al fè maryaj sivil pandan li nan legliz la ak nou. Nou dwe konn poukisa moun lan fè chwa sa. Nou paka kite li pase konsa. ».
Li raple [selon lwa desanm 1929 la, Ndlr] Leta bay minis relijye yo pèmisyon pou selebre maryaj. « Leta delege minis relijye yo pou yo selebre maryaj. Poukisa yon Kretyen oblije kite yo pou l ale dirèkteman kote yon ofisye etasivil ? », daprè Pastè Merisca.
Li rapòte eksperyans pwouve lè yon kretyen fè sa san li pa mete pastè legliz la okouran se konn paske moun yo konnen gen yon bagay ki pa mache ak prensip kominote relijye a. Li site kòm egzanp moun k ap marye ak moun ki divòse deja oubyen moun ki bezwen fè maryaj rapid pou yo ka jwenn papye a pou regle lòt dosye.
Pastè Etzer Paul fè konnen pou pèsepsyon ki genyen nan legliz, Kretyen yo gen obligasyon fè selebrasyon relijye a paske fòk yo envite Bondye nan maryaj la. Men li rekonèt si seremoni relijye a fèt san aspè legal la pa fèt tou Leta p ap rekonèt maryaj la.
« Menm si legliz konsidere maryaj kòm yon bagay diven, si seremoni relijye a fèt pou moun yo resevwa benediksyon Bondye san pa gen okenn demach ki fèt bò kote Leta aprè, maryaj sa pa legal, moun yo p ap ka pwouve yo marye selon Lalwa », selon sa li konkli.
Molière Adely
3 Comments
mesye kontinye pouse. Past Molière Merisca Bon bagayyy
mwen felisite B. atitid pou bel pawol sa yo mpanse ap gen kek chanjman kounya nan jan moun yo konprann maryaj la
MSI pou eklesisman sa nou potelaskem t gn Anpil dout