28 oktòb se jounen entènasyonal lang kreyòl. B-atitid te pase nan lokal Akademi kreyòl ayisyen an pou diskite ak kèk akademisyen sou sitiyasyon lang sa anndan legliz.
Dominasyon lang fransè a sou lang kreyòl la se yon deba ki kòmanse lontan e ki ap rapousib anndan sosyete ayisyen an. Plizyè entèlektyèl rete kwè edikasyon yon ayisyen t ap pi byen fèt si Leta te dakò li fèt nan lang kreyòl la.
Nan anpil lekòl elèv ki pale lang manman l lan, kreyòl, konn tonbe anba gwo sanksyon pwofesè ak lòt responsab yo. Fransè a domine tou nan espas legliz yo kote anpil seremoni chante nan lang sa sèlman.
Jacky Chéry ki se youn nan pastè nan Legliz Batis Evanjelik nan Petyonvil rete kwè yon lang se yon zouti kominikasyon. « Tout tan ou kapab touche moun ou bezwen touche yo, ou bezwen itilize l. Se konsa nou kwè kreyòl se youn nan pi bon lang pou nou kapab fonksyone an Ayiti. Kèlkeswa moun nan, si w gen yon bagay ou bezwen di l pou w touche l se an kreyòl pou w di l » daprè sa Pastè a deklare.
Akademisyen lang kreyòl la, Jean Baptiste Pauris, ki se pastè tou rakonte Jezikri pa t preche nan lang grèk, men li te preche nan lang popilasyon an te pale. « Responsabilite nou se anonse levanjil pou moun ka ka konprann. Mwen yo rele m pastè kreyòl. M pa gen pwoblèm ak sa paske sèl sa m bezwen se kominikasyon » selon sa li deklare.
Sitiyasyon an pa depaman tou anndan legliz Katolik tou. Vis prezidan akademi kreyòl la, Michel Frantz Grandoit, ki se yon Pè katolik tou eksplike nan gran vil yo, jeneralman piblik sib la se boujwa ak moun ki gen yon ase wo nivo entèlektyèl.
« Yo te renmen wè Pè a k ap pale fransè, men sa pa vle di vrèman fransè a te pèmèt yo evanjelize. Se sa k pwoblèm nan. Lè konsa yo savoure lang nan, men se yon espès prestij ki totalman vre paske menm pawas boujwa yo tankou Senpyè nan Petyonvil ak Sakrekè sou Tijo a, ou toujou wè popilasyon an melanje. Gen malere ki vini epi lè Pè a manche fransè l, se sèlman yon kategori moun ki tande l. »
Pastè Chéry obsève sa tou. Daprè li menm, nou pa kapab mete sou kote diskriminasyon anpil moun genyen sou lang kreyòl soti nan sosyete a li menm pou rive anndan jouk anndan legliz.
« Mwen vwayaje anpil nan peyi a, ou gen lenpresyon pou yon moun preche se an fransè pou l ta fè lekti pasaj li pral preche a paske si l pa di 2 mo fransè, moun k ap koute l yo panse li poko ap preche la. E poutan, lè yo pral di gwo bout Amèn yo se lè moun nan pale an kreyòl. »
Orijin pwoblèm nan
Pou reponn kesyon responsabilite misyon evanjelik etranje yo sou kesyon sa, Pastè Pauris eksplike orijin fenomèn nan ale pi lwen pase 1804, dat endepandans peyi a. Li sipoze deklarasyon Toussaint Louverture te fè sou bato a lè yo te arete li a pa t an fransè.
« Yon nonm yo arete pa ta pral bay tout fransè sa. Siman li te di fout tonnè fè tèl bagay… Thomas Madiou rapòte tout bagay sa yo an fransè e ou pa t ka mande li fè lòt bagay paske l ban ou l nan lang li te konnen », daprè Pastè Pauris.
Jacky Chéry pa vle ignore gen yon majorite jèn ak timoun ki pase anpil tan nan pale fransè lekòl ak lakay yo e se prèske nan legliz yo tande kreyòl pale. « Men tou nou pa dwe ignore tou, moun ki vin legli yo se kreyòl yo pi byen konprann. Mwen kwè pou Ayiti, pi bon lang pou delivre pawòl Bondye a se an kreyòl. Dayè jan nou di l kreyòl pale, kreyòl konprann », daprè Jacky Chéry.
Hadson A. Albert
Leave A Reply