• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

Men yon fason byen senp pou w preche yon moun levanjil

19 mai 2020

 Èske w rankontre Jezi deja ? Konvèti pou ou pa al nan lanfè oubyen repanti, Jezi ap vini. Se konsa anpil kretyen aprann preche yon moun levanjil. Petèt paske se sa yo toujou tande anpil predikatè ak pastè di epi yo di l tou. Men se pa yon bon fason pou w evanjelize. 

 

Gen plizyè fason pou prezante yon moun Levanjil se vre. Men Labib, nan kèk pasaj li, montre yon moun pa ka prezante levanjil san ou pa prezante Bondye, lòm epi sakrifis Jezikri a. 

 

  • Pale moun nan de kiyès Bondye ye

Lè yo mande anpil moun dekri karaktè Bondye, yo toujou pare pou montre l tankou yon Bondye ki chaje lanmou ak konpasyon. Se pa manti paske gen vèsè ki montre sa vrèman. Men, si yon moun pran tan gade labib l ap wè pi gwo karaktè Bondye genyen se Sentete. Pou sa li pa mele ak sa ki mal.

Lè Moyiz, nan Egzòd 34.6-7, te mande Bondye kiyès li ye, li te reponn li se Bondye ki plen konpasyon ak gras la, li pran tan pou l fache, chaje lanmou ak fidelite […]. Anpil moun toujou itilize premye pati vèsè a. Poutan lè w gade pi lwen nan vèsè 7 la, Segnè a di li pa p ret gade peche konsa konsa, san li pa pini l. 

Chaje lòt ankò kote Bondye fè konnen akoz li se yon Bondye ki Sen li, ap pini peche ak tout pechè yo. Nou ka site Sòm 11.7, 33.5, 89.14, 97.2 ak Abakik 1.13, elatriye. Alòs, prezante Bondye tankou yon Bondye ki sen se premye bagay yon moun ta dwe fè lè l ap evanjelize.

 

 

  • Fè moun nan sonje kisa ki te pase 

Menm moun ki pa konvèti e menm sa k pa janm al legliz nan lavi l tande pale omwen yon fwa de istwa kreyasyon an. Kidonk li fasil pou retounen avè l nan liv Jenèz la nan lide « pou w kapab fè l konprann pi byen kisa ki te pase a. »

Lè Bondye te kreye Adan ak Èv entansyon se te pou yo genyen yon lajwa konplè, adore L epi viv nan yon relasyon san mank ansanm avè L. Se poutèt sa, Bondye te bay yo dominasyon sou « tout bèt ki nan lanmè, tout zwazo nan syèl ak tout sa ki gen mouvman sou latè (Jenèz 1.28). » Daprè vèsè a, Adan ak Èv te gen pouvwa sou tout bagay sof sou Bondye li menm.

 

 

Se nan kontèks sa pyebwa konesans byen ak mal la te plante, pou yo konnen otorite pa yo a chita anba otorite Bondye. A chak fwa yo gade l, yo te dwe sonje lòd Bondye te ba yo respekte a, kidonk pou yo pa manje donn nan.

Lè yo te deside manje l la yo pa t sèlman dezobeyi yon lòd, men yo te voye jete byen lwen otorite Bondye sou yo nan lide pou yo te ka vin gen otorite pa yo. Sonje poukisa sèpan an te mande yo manje donn nan, « pou yo te ka vin menm jan ak Bondye. »

Ou ka li tou : 5 kwayans kretyen genyen sou peche ki pa biblik

Labib rele aksyon yo a dezobeyisans oubyen peche. Mo peche a vle di  « rate objektif la. » Volonte yo te konplètman opoze ak sa Bondye te vle. Aksyon sa pa t ap ka rete san konsekans devan Bondye ki Sen e Jis la. 

 

  • Fè l konnen se pa sèlman Adan ak Èv, men tout moun 

Zak Adan ak Èv la pa sèlman rete pou yo, men li aji sou tout ras lòm nan. Se sa labib di nan Women 3.23, « Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a ba yo tout do. » Oubyen « Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. »

 

 

Sa ka choke kèk moun ki pa p vle konprann poukisa yo koupab aprè Adan ak Èv te komèt zak yo pou kò yo. Se poutèt sa ou dwe eksplike moun nan nati ak pwofondè peche a.

Nan pati sa, gen kèk erè yon moun dwe evite tankou  « Konfonn peche a ak konsekans li, Redui peche a ak yon senp relasyon ki gate oubyen Konfonn peche a ak panse negatif. »

Non sèlman moun w ap preche a dwe rekonèt li se yon pechè jan labib montre l la, men tou li dwe konnen li pa gen okenn aksyon li te ka poze pou defann tèt li devan Bondye. Pa gen okenn zèv li ka mennen pou sove tèt li nan sitiyasyon li ye a.

 

  • Jezi Sovè a

Lè Jezi te vini sou latè, li te geri malad, leve mò epi fè yon pakèt lòt mirak ankò. Malerezman, anpil moun se premye bagay yo kouri di de Sovè a lè y ap evanjelize. Wi, se te vre Jezi te fè tout sa, men se pa t pou rezon sa li te vini sou latè. Si te pou sa sèlman, nou menm kretyen t ap moun ki pi malere sou tè sa.

Labib montre nan plizyè pasaj, kòmanse nan Jan 3.16, se paske Bondye renmen nou ki fè li voye sèl pitit li a vin mouri sou lakwa. Paske pa t gen okenn moun jis sou latè epi pèsòn pa t ka retire pèsòn nan peche, Jezi deside vini pou l pran plas nou menm lòm.

Se poutèt sa, nenpòt moun ki kwè nan li va jwenn jistis devan Bondye. Men sa ki pa kwè yo pa p chape anba kòlè li nan dènye jou a. Lide pati sa se montre moun nan enpòtans sakrifis Jezi sou kwa  a pou li jan labib fè nou konn sa a. 


Karaktè Bondye, eta peche lèzòm ak sakrifis Jezikri a se esansyèl sa yon moun dwe konnen e konprann de levanjil pou l sove si li deside kwè.

 

 

Hadson A. Albert

Share

Études bibliques

Comment


20 May 2020 at 7:18 am
Reply

En effet



Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés