• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

Men poukisa reyinyon lajenès nan legliz yo pa ka mache ankò

25 mai 2020

Reyinyon lajenès nan legliz pwotestan se youn nan pratik ki te pi enteresan. Lajenès se te espas anbyans timoun yo ap reve ale yon jou a, espas kote granmoun yo regrèt yo oblije kite a.

 

 Depi kèk tan regwoupman lajenès nou yo pa sa yo te ye a ankò. Reyinyon yo pa fè resèt, jèn yo manke enterè ak angajman. Responsab asosyasyon yo, yo menm, gen difikilte pou yo chame manb yo. Men kèk rezon ki pwovoke debwatman asosyasyon lajenès yo anndan legliz la.

 

Mezantant ant komite lajenès ak komite responsab Legliz yo

Si dirijan legliz yo pami moun k ap klewonnen « lajenès se baz ak demen », ta sanble yo pa twò enterese ak preparasyon demen legliz la si n chita sou pawòl Schnighther Saint Louis ki te prezidan Lajenès nan Premye Legliz Batis Petyonvil pandan 15 lane.

« Li trè difisil pou w jwenn dirijan legliz yo bay enpòtans ak aktivite divètisman yo ni mwayen ekonomik ak responsab jenès yo pou fonksyone », daprè Saint Louis ki te responsab Relasyon Piblik legliz la pandan 2 lane tou. Panelis emisyon Platfòm Beni an kwè anpil dirijan nan legliz jodi yo pa rive sènen egzijans modènite a nan evolisyon mouvman asosyasyon lajenès yo.

Bò kote pa l Lucson Jean ki se yon ansyen komisè kominikasyon pou kounya nan lajenès yon  legliz nan kapital la repwoche komite ekzekitif legliz la li di ki pa sispann mete « Pinga » nan pwogramasyon lajenès yo.

 

 

« Ou pa ka òganize okenn aktivite ki gen dans ladan l ni konkou Mis, sou baz anbyans lan ka mennen dewout», daprè ansyen komisè kiltirèl la ki montre li pa kontan. Li kontinye pou l di « Pinga sa yo vin kreye yon mank varyasyon nan pwogramasyon yo ki lakòz espas jenès la vin anniyan. »

Jean kontinye pou l lonje dwèt sou  lidè legliz yo ki gen yon « pèsepsyon negativ » sou konsèp jèn lan. Sa ki, toujou daprè li, fè jèn yo evite regwoupman jenès la.

 

Jèn yo gen lòt preyokipasyon

« Kèk grenn fwa w ka jwenn plis moun vini nan reyinyon lajenès se lè gen aktivite ki gen plis plezi yo. Gen lè jenerasyon sa gen twòp passe-temps », daprè pawòl sekretè yon asyosyasyon jèn nan yon legliz kretyèn ki pa dakò non l site.

Ou ka li tou: Men yon fason byen senp pou w preche yon moun levanjil

Jèn fi sa ki pa kache mekontantman l fas ak mepri jèn yo montre pou asosyasyon an fè konnen malgre komite a redui nan kantite rankont yo (2 fwa pa mwa) oubyen varye fòma reyinyon yo pou atire ak entegre jèn yo plis nan regwoupman an « se kèk grenn moun ki vini nan lè rankont yo ta dwe fini. »

Pou li se gwo match foutbòl yo ki plis enterese jèn yo. Epi match sa yo jwe nan prèske menm orè ak reyinyon jenès yo.

 

https://b-atitid.com/wp-content/uploads/2020/05/10000000_712981109039100_5884392546011971584_n.mp4

 

Schnighther Saint Louis akize ak tout fòs li tou zouti tounèf teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo. Pou li menm, zouti sa yo bay jèn yo aksè dirèk ak anpil konesans ak distraksyon kounya. Kidonk, « yo pa bezwen vin chita devan yon moun k ap vin ba yo sa yo ka jwenn ak telefòn entèlijan, ni devan yon lòt k ap detone alòske yo kapab gade nenpòt bèl konsè andirèk. »

 

Kontni yo pa renouvle

Anplis obstak komite egzekitif legliz melanje ak kesyon pòsmodènite a ap poze asosyasyon jenès yo jodi a, nou jwenn yon lòt gwo difikilte ki se woutin. Pwogram  anpil  nan asosyasyon jenès yo rete menm jan yo te te an depi kèk lane.

Kidonk, reyinyon tradisyonèl chak dimanch lan (osnon samdi) ak menm kontni yo san kreyativite, kan osnon retrèt chak ane a, gala fen lane a epi anivèsè regwouman lajenès la.

Sou pwen sa Schnighther Saint Louis pwopoze pou komite jèn yo « pa rezime ak yon rankont chak dimanch aprèmidi paske jenès la se tout moun nan Legliz la ki gen yon lespri jèn. ». Ansyen responsab lajenès la ankouraje dirijan jèn yo òganize konsè, konferans ak lòt pwogram ki  bay jèn yo plis lapawòl sou divès sijè tankou seksyalite, ladim, aktyalite, jenès la ak Legliz la, elatriye.

Pou fini, degrengolad mouvman lajenès nan Legliz yo ka sispann. Pou sa fèt, aktè nan asosyasyon  jèn yo ak responsab Legliz yo dwe revize estrateji yo nan mete mwayen ak  zouti kominikasyon yo sou bò pa yo, nan lide pou adapte kontni pwogram yo ak reyalite moman an.

 

Lucson Jean se yon fo non paske moun ki pale a pa t deside bay bon non l.

Daniel Jean Baptiste

Crédit Photo/Vidéo: Bernard Jules Delva 

Share

Actualités

8 Comments


Sam Cénor
25 May 2020 at 9:40 am
Reply

An plis de rezon sa yo ki sot site la, map ajoute: absans yon strateji global pou legliz la ki pa entegre lajenès. Pa ta dwe gen yon Asosyasyon Jenès kap fonksyone an deyò de vizyon global legliz la e menm an deyò strateji devlopman pou manm legliz sa. Nòmalman ou ta dwe rekonèt vizyon yon legliz nan fason group li yo striktire e nan fason yap evolye. Bravo Beatitid pou bèl atik sa.



25 May 2020 at 12:06 pm
Reply

Mwen vrèman apresye atik sa, li dekri anpil reyalite vrèman sitou nan kesyon woutin nan, ki anpeche lajenès jounen jodi a vin sal te ye lontan an (Menm sim pat konn kijanl te ye lontan) .

Nan kesyon strateji a, mwen viv yon eksperyans ak Jenès legliz mwen ki t viktim de menm bagay dezenteresman jèn yo nan vin nan asosiyasyon an, men ki itilize yon strateji ki bay bon rezilta. Kisa strateji sa ye?

Strateji a sè ke yo mete yon konkou talan sou pye kote ke yo fè 2 ekip, yon fason pou yo kreye tchalenj ak enterese jèn yo ak sa kap fèt nan asosiyasyon an.
Nan konkou a gen dans, chan, slam, sketch, rubrique, propos de bienvenue, animation. Epi yo fè yon fas a fas kap gen 5 match pandan ane a.
A chak fwa ke gen rankont lajenès prezans chak manb ekip yo konte sou 2 pwen sa ki vin koz si ou vle ekip ou fè plis pwen pou konkou a pou ekip ou a ka genyen ou oblije bay tèt ou obligasyon pouw prezan, e sa ki vin koz tou rankont yo souvan Gen jèn ki prezan.



Jeff Charles
25 May 2020 at 12:07 pm
Reply

Mwen vrèman apresye atik sa, li dekri anpil reyalite vrèman sitou nan kesyon woutin nan, ki anpeche lajenès jounen jodi a vin sal te ye lontan an (Menm sim pat konn kijanl te ye lontan) .

Nan kesyon strateji a, mwen viv yon eksperyans ak Jenès legliz mwen ki t viktim de menm bagay dezenteresman jèn yo nan vin nan asosiyasyon an, men ki itilize yon strateji ki bay bon rezilta. Kisa strateji sa ye?

Strateji a sè ke yo mete yon konkou talan sou pye kote ke yo fè 2 ekip, yon fason pou yo kreye tchalenj ak enterese jèn yo ak sa kap fèt nan asosiyasyon an.
Nan konkou a gen dans, chan, slam, sketch, rubrique, propos de bienvenue, animation. Epi yo fè yon fas a fas kap gen 5 match pandan ane a.
A chak fwa ke gen rankont lajenès prezans chak manb ekip yo konte sou 2 pwen sa ki vin koz si ou vle ekip ou fè plis pwen pou konkou a pou ekip ou a ka genyen ou oblije bay tèt ou obligasyon pouw prezan, e sa ki vin koz tou rankont yo souvan Gen jèn ki prezan.



Samuel Laborde
25 May 2020 at 5:46 pm
Reply

Mwen kwe ke tan nou te kon gen activité sa yo pase Nou pat gen teknologi ke nou genyen jodia sel ambiance jeune nan yo se te retrouve yo ansam pou pale, change Lide yo, jwe , diskite , chante. Te gen respe yon pou lot men nan payi nou jodia moman sa yo vini pa posib sorti w ak rentre w se nan main Bondye li ye anpil insécurité , pa gen Travay, la vi vini preske impossible. Sa mwen ta vle di se Chache yon lot estrateji épi priye Bondye pou li ban nou vizyon mete têt nou ansanm entan ke kretyen pou nou jwen solution pa blâme yon lot



26 May 2020 at 12:00 pm
Reply

Bèl atik felisitasyon
Anplis de tout sa ki di deja, responsable legliz yo résumé aktivite jèn yo ak espirityalite, plezi yo se prens mond lan kap dirije l, men yo inyore kote moral la.



Vhors
26 May 2020 at 10:33 pm
Reply

Salye w nan fasonw abode sijè , tout saw di yo se apati se vre..laplipa legliz ap konfonte problèm sa yo..men pastè yo pa janm remake feblès jenes yo nan sa sans..pandan gen anpil bagay kontrekare le jenes poul reyini men gen anpil nan yo pa mete renyon jenès se yn okazyon ki pa dwe rate piske premyèman se kretyen ou yo..mpa di lot sa le mond ap ofri pou inyore yo net men sa komite jenès ap bay kom programasyon li eden jenès..men gen anpil pastè ki absan ban sans sa..ok..merci alo se yn bel atik..bagay yo nou konn ap diskite sa yo nan komite jenès..



8 June 2020 at 12:27 pm
Reply

Très bon article. Felicitations
Après avoir identifier les problèmes, il faut chercher les solutions. S’adapter au temps tout en respectant la parole de Dieu. Romains 12



12 June 2020 at 4:24 pm
Reply

Nou reyelman di tout bagay ..malerezman nou pa gen anpil ayisyen ki renmen li ..kidonk



Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés