Revèy se yon aktivite legliz pwotestan reyalize omwen yon fwa chak ane. Men èske w konnen aktivite sa gen yon istwa ?
Li difisil pou yon kretyen pwotestan nan peyi Dayiti di li poko janm patisipe nan revèy nan vi li yon jou, tèlman aktivite sa tounen yon tradisyon. Anpil nan kretyen yo, se la menm yo te konvèti, e menm moun ki pa konvèti konn patisipe nan aktivite sa yo.
Jeneralman, chak ane, legliz evanjelik yo chwazi yon tèm pou yo preche sou li pandan youn oubyen plizyè semèn. Rasanbleman sa yo ki fèt nan nuit toujou chaje moun ki vin koute pawòl Bondye.
Dayè, dirijan legliz yo toujou ap mande fidèl yo pou yo envite lòt moun ki po ko konn Bondye. Nan dènye jou a, gen kèk asanble ki konn menm rekonpanse moun ki te vin ak plis moun nan moman aktivite a.
Revèy yo fèt anndan yon legliz. Jeneralman, se legliz la menm ki lanse aktivite l pou kont li menm si anpil kote yo konn envite lòt legliz ak lòt predikatè vin patisipe. Antouka, anpil kote se konsa yo fè l.
Lè sa yo chwazi yon tèm pou yo preche ki chita sou konvèsyon oswa repantans. Men de jou an jou, nou wè legliz yo ap divèsifye tèm yo. Anpil, ladan yo chwazi pale sou anpil sijè sou lafanmi ak lòt ki rantre nan lavi fidèl yo.
Ou ka li tou: 5 move enfòmasyon kretyen kwè sou Kowonaviris la
Istwa revèy ak legliz evanjelik yo
Se nan 18yèm syèk la gwo rasanbleman relijye sa yo te kòmanse parèt sou kontinan ewopeyen an ansanm ak mouvman evanjelik yo. Mouvman sa te gen nan tèt li 3 pastè anglè ki se John ak Charles Wesley, ansanm ak George Whitefield.
Pou listwa, refòm legliz pwotestan an te bay yon legliz pwotestan ki te yon ti jan liberal. Pou sa, 3 pastè sa yo ta pral kanpe pou yo fòme yon mouvman ki plis chita sou Labib. Ladan l te gen 2 misyon prensipal : edikasyon ak evanjelizasyon.
Lè sa ou vin jwenn yon pwotestantis ki plis vivan epi ki chita plis sou predikasyon olye sèvis ak sakreman. Se mouvman evanjelik yo ki vin bay tout denominasyon nou genyen jounen jodi a tankou Batis, Metodis, Pantkotis, elatriye.
Aprè yon tan sou kontinan ewopeyen an, mouvman an vin travèse nan peyi Etazini, epi annapre nan Amerik latin, Afrik ak Azi. Mèt mouvman an te konsidere l tankou yo « revèy spirityèl. » Depi lè sa, yo itilize mo a pou pale de gwo rasanbleman spirityèl yo ki ap kwat nanm fidèl yo nan lafwa oubyen chèche nouvo konvèti.
Se metodis yo ki te kòmanse ak rasanbleman pou predikasyon nan espas vag yo (plein air en français). Sa nou jeneralman rele kwazad nan lang kreyòl la.
Alèkile, chaje legliz evanjelik nan monn lan. Yo tèlman anpil e diferan li vin pi difisil pou deziyen yo. Guillermo Uribe1 rakonte gen omwen 39 000 denominasyon pou yon milyon legliz ak yon milyon pastè atravè tout monn lan. Men chif sa yo rete pou diskite.
- URIBE Guillermo, Les transformations du christianisme en Amérique latine, Paris, Editions Karthala, 2009, p. 98-99
Hadson A. Albert
Foto: Levanjil Foto
Leave A Reply