Apre tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, gen omwen 1 200 000 moun k ap viv ak yon andikap nan peyi Dayiti daprè yon rapò SOS Enfant sans Frontières pibliye nan mwa novanm 2012. Poutan anpil legliz ki ap konstwi oubyen rekonstwi pa rann yo kont de sa pou yo ta kreye espas ki aksesib pou moun andikape yo. Menm nan diskou yo, lè y ap adore ak preche, gen moun ki konn di pawòl ki ka deranje lespri moun ki gen andikap yo.
Anpil legliz ki konstwi aprè 12 Janvye 2010 pa twò mete aksan sou aksesiblite pou moun ki ap viv ak yon andikap. Moun k ap viv ak andikap yo toujou fè efò pou yo al legliz ak fanmi yo malgre sitiyasyon sa. Malgre tout efò sa yo fè pou yo rive al bay Bondye glwa, pawòl moun ki konn ap selebre sèvis yo konn deranje yo.
Nathalie Sauveur, yon kretyen ki gen 19 lane depi li avèg viv eksperyans sa deja. « Yon fwa mwen t al legliz, pandan m ap rive mwen tande moun ki t ap dirije sèvis la k ap di leve men ou pou w di Bondye mèsi paske se pa yon moun ki kenbe men ou pou mennen ou la », daprè sa li eksplike.
Sa pa t fè enpak sou li paske lespri li te pare pou fè fas ak mòd diskou sa yo, selon sa li temwagne. Men li konnen gen moun sa te ka deranje, ki te ka menm pa janm met pye legliz la ankò pou sa.
Nathalie Sauveur di li regrèt jan anpil moun ki ap dirije legliz konn ap baze sou eta fizik moun pou pale de grandè Bondye. Li di lè yo ap di moun yo leve men yo anlè pou di Bondye mèsi paske yo genyen tout manb yo li deranje lespri moun ki ap viv ak andikap yo.
Nathalie Sauveur di li konnen anpil zanmi l andikape ki viv sitiyasyon sa.
« Anpil fwa moun ki ap preche oubyen priye legliz yo konn rete sou aspè fizik moun sèlman pou yo fè konparezon pou yo pale de gras. Alòske Bondye fè tout Kretyen gras. Depi yon moun ap respire se deja yon gras Bondye fè l. Nou tout dwe louwe Bondye pou sa. Yo pa dwe rezime gras sèlman a kò moun »
Li twouve gen anpil rezon pou li di Bondye mèsi menm si li pa wè li menm. « Mwen pa wè men mwen al lekòl, mwen aprann li ak ekri. Mwen fè anpil bagay moun ki wè ka fè. Anplis Bondye ban m kapasite pou m devlope lòt sans mwen yo pi byen », toujou selon Sauveur.
Nan objektif pou ensite fidèl yo fè louwanj pou Bondye, moun ki ap dirije sèvis yo konn pwononse diskou ki deranje moun andikape yo tankou : « Si w wè ou gen 2 pye, ou gen 2 men ou, se gras Bondye fè w. Ba li glwa pou sa. »
Yo konn mande moun yo pou yo frape men yo oubyen leve men yo anlè devan Bondye kòm siy rekonesans. Ak diskou sa yo, yo voye sou kote moun ki ap viv ak yon andikap yo san yo pa rann kont. Poutan, nan Sòm 150.6 li di : « Se pou tout moun ki ap respire fè lwanj pou Bondye. »
Moun ki soud pa souvan jwenn entèprèt nan legliz yo
Moun soud yo pa konprann sa ki ap pale anndan legliz yo, sa ki konn fè yo abandone kèk asanble, selon sa Oudelin Sileus ki se responsab kominikasyon « Association des sourds de Lévêque d’Haïti » rakonte.
Li ankouraje legliz yo pou yo gen entèprèt lang siy pou fasilite moun ki soud yo konprann pi byen. « Chak legliz dwe gen yon entèprèt nan lang siy pou entèprete aktivite yo pou si gen yon moun ki soud nan mitan asanble a. Moun sa dwe la menm jan mizisyen yo konnen yo dwe la nan chak sèvis », selon rekòmandasyon Sileus.
Fenel Bellegarde ki se kominikatè sosyal epi espesyalis nan akonpanye moun ki ap viv ak andikap ale nan menm sans lan tou. Li di fòk legliz yo asire yo pou gen plizyè moun ki ka entèprete lang siy.
Li kwè responsab legliz yo ta dwe voye kèk fidèl al aprann lang siy pou yo ka pataje pawòl la ak sila ki kominike an siy sèlman yo. « Misyon legliz la se pote pawòl Bondye a bay tout moun. Kidonk, moun soud la dwe jwenn pawòl la tou », daprè sa li fè konnen.
Sileus ak Bellegarde bat bravo pou kèk legliz pwotestan ki mete entèprèt lang siy nan aktivite yo ak fè lòt efò pou fasilite moun k ap viv ak andikap yo. Pami legliz sa yo, yo nonmen Premye legliz Batis Pòtoprens ak Legliz Batis Bòlòs.
Pou kounya sèl nan kominote Lévêque d’Haïti, ki nan Kabarè, ki gen yon legliz ki fonksyone nan lang siy sèlman e ki epesyalman pou moun ki konprann langaj siy yo. Men Sileus ak Bellegarde ki pami moun ki kreye lekòl « Institut Haïtien de Langue des Signes (IHLS) » kwè pi bon apwòch la se yon legliz enklizif ki pran an konsiderasyon tout moun.
Sa Bib la ki di sou andikap
Nan Bib la gen anpil vèsè ki pale sou andikap. « Gen nan vèsè sa yo ki montre andikap kapab se konsekans dezobeyisans Bondye, donk yon maledisyon (Detewonòm 28.28). Gen lòt ki montre andikap la kapab yon konsekans vyeyès (Jenèz 27.1). Gen lòt tou ki montre andikap la kòm mwayen pou pisans Bondye manifeste (Lik 13.11-17) », daprè Pastè Billy James Raymond ki ap dirije « Eglise Pentecôte Par la Foi De Citron Marlique. »
Li kontinye pou l di pandan ministè Jezi sou tè a, ministè apot yo ak anpil lòt kretyen gen anpil moun andikape ki te jwenn delivrans yo. Nan sans sa li panse yo kapab di, menm jan avèk maladi, andikap se yon konsekans dezobeyisans gran paran nou yo (Adam ak Ev) ki lage mond lan nan gwo traka.
« Nou kwè lè Jezi vin retabli tout bagay p ap gen maladi ni lanmò ni traka », daprè Pastè a. Men li di anatandan responsablite kretyen yo se trete moun ki ap soufri ak yon andikap avèk lanmou, sajès epi konpreyansyon.
Yon pwoblèm sansibilizasyon anndan legliz
Daprè Fenel Bellegarde, sosyete ayisyen an chita sou diskriminasyon. Li denonse pèsepsyon sosyal moun yo genyen de andikap nan peyi a. « Yo pa dwe rezimen yon moun a andikap li. Se yon moun tankou tout moun li ye », se sa li deklare.
Bellegarde di yo dwe sansibilize moun ki nan legliz yo espesyalman moun ki konn pran lapawòl souvan yo nan asanble a.
« Moun ki ap pran lapawòl yo dwe gen yon diskou enklizif pou yo pa deranje lespri moun ki ap viv ak andikap yo. Yon andikap pa yon malediksyon. Nenpòt moun ka vin gen yon andikap apre yon maladi, aksidan oubyen aprè yon katastwòf natirèl » selon sa li fè konnen.
Oudelin Sileus bò kote pa li kwè fòk gen plis sansibilizasyon ki fèt nan legliz yo sou kesyon Dwa moun. Tout moun gen dwa yo e dwe jwi yo san pwoblèm. Li fè konnen « gen moun legliz ki konsidere moun k ap viv ak andikap yo kòm moun anòmal. » Yon atitid li denonse ak tout fòs.
Nou kontakte Sekretè Deta moun andikap yo pou yon entèvyou men nou pa rive pale ak li.
Diskou yo dwe chanje anndan legliz yo
Pastè Billy J. Raymond di li panse legliz komèt anpil erè nan sans sa, se poutèt sa li kwè li enpotan pou gen lòt apwòch ki devlope anndan legliz sous sa ki gen pou wè ak gras Bondye. Li kwè wòl lidè chak asanble se montre fidèl yo se pa sèlman moun k ap viv san andikap yo ki benefisye gras Bondye men chak moun kòm kreyati Bondye se yon bagay san parèy.
« Menm si yon moun ta manke yon men, yon pye, yon grenn je oswa ta gen nenpot lòt andikap li se yon moun k ap jwi gras Bondye tou. Nan Sòm 139.14, David bay Bondye lwanj paske tout sa Bondye fè se bèl bagay », se sa li raple.
Li konfye nou li te gen yon kolaboratè ki t ap dirije yon sèvis ki te fè yon erè konsa. Lè sa te gen yon dam ki te nan mitan legliz la sou yon chèz woulant pawòl yo te fè gwo enpak sou li.
Pastè Billy J. Raymond klè sou sa fòk diskou yo chanje paske moun k ap viv ak andikap yo se moun yo ye menm jan ak tout moun yo pa dwe sibi okenn fòm diskriminasyon.
« Gen fòmasyon ki dwe fèt ak manm legliz yo non sèlman pa rapò a fòm diskou yo men tou pa rapò ak tretman yon moun andikape ap resevwa menm si l se yon kwayan ou pa. Se pou yo montre moun yo fason pou yo trete nenpòt moun menm si yo gen yon andikap, menm si yo pa genyen l », se sa Pastè Billy J. Raymond fini pou l di.
Molière Adely
Leave A Reply