Sa fè kèk tan, m ap li e tande ak atansyon tout sa ki di sou relijyon sou rezo sosyal kòmkwa se yo ki responsab malè peyi a. Gen opinyon ki rantre nan pèsonalite lòt la tankou, kretyen se tèt mare oubyen se moun sòt. Gen lòt ki franchman mechan (vodouyizan se lougawou, moun sal, elatriye).
Atitid sa yo fè m souri e tris alafwa. Mwen reyalize malgre tout diplòm ak konesans nou ta ka genyen, jiskaprezan nou pase a kote vrè kesyon yo.
Eske nou janm pran tan nou reflechi sou vrè kesyon yo e nan menm okazyon defini repons yo? M pa kwè puiske nou toujou rete nan goumen ak denigre youn lòt.
Mwen sonje mwen te gen 14 zan nan katriyèm segondè, lè pwofesè mwen te ban nou fè on devwa sou pwoblèm mizè ki gen nan katye popilè yo. Gwoup adolesan nou te ye alepòk la te gentan wè anpil nan pwoblèm mizè ki te gen e ki toujou rete nan katye sa yo se te soti depi nan panse Ayisyen an nan limenm.
Jodi a ankò, se menm pwoblèm yo ki la : Ayisyen an malad nan tèt li.
Kite m di nou yon kichòy, ka a pa pèdi jan nou panse li an. Gen anpil bagay Kretyen ak non Kretyen kapab fè pou chanje ekwasyon an.
Ou ka li tou: 3 pratik nan jan nou pran lasen ki pa biblik
Legliz yo se kote ki atire anpil moun. Rasanbleman nou yo, kèlkeswa se te jèn, vèydenui, fèt sen oubyen kwazad yo ban nou gwo posibilite pandan n ap evanjelize pou nou tou bay moun yo zouti alèd pawòl sa pou yo kontribye a bonè peyi sa yap viv ladan l lan.
Pandan nou ap preche wayòm nan, nou kapab fè moun yo reyalize y ap viv sou tè sa toujou e pa konsekan yo dwe bay Bondye sa ki pou Li epi bay Seza sa ki pou Seza (Lik 20 :25).
An n pran yon egzanp byen senp ki se ofrann. Ofrann se yon bagay ki kreye anpil diskisyon nan legliz men tou se yon obligasyon Labib fè nou. Yon Kretyen bay ofrann selon labib se pou zèv la ka byen mache. Ofrann nan ta dwe sèvi pou antretyen espas legliz la, kreye lekòl, ede sa ki pi pòv yo, elatriye.
Men si pandan n ap egzije ofrann pou legliz la nou kapab tou sansibilize oubyen edike « sitwayen fidèl » yo sou nesesite pou yo peye taks nan peyi kote y ap viv la paske nou ta ka di taks la gen menm fonksyon ak ofrann lan. Taks an teyori se pèmèt peyi a gen resous pou ranje wout, peye lekòl, devlope pwogram sosyal, elatriye.
M ta ka pran anpil lòt egzanp pou montre levanjil se pa yon bagay abstrè. M te ka montre kote li bay pwovizyon pou nou viv toulèjou.
Se menm bagay pou sektè vodouyizan an. Menm si mwen pa twò konnen ki mesaj yo preche, men mwen konnen yo se yon sous enkontounab nan zafè lasante (medsin fèy) nan anpil kote ki rekile nan peyi a.
Menm yo menm tou pandan yap geri maladi ak fèy yo kapab edike peyizan sou nesesite pou kenbe peyi a vèt, pou yo pa koupe pyebwa. Konsa y a toujou ka jwenn fèy sa yo pou toujou fè gerizon e pa konsekan kenbe biyodivèsite peyi a djanm.
M ap fini pou m di nou tout kapab kontribye a chanje mantalite frè nou ak sè nou yo nan nivo pa nou menm lè kwayans nou diferan. Joure ak ensilte youn lòt pa p itil nou anyen. Sa ki enpòtan se sèvi ak zouti sa ki nan men nou chak jou pou materyalize chanjman sa nou tout ap reve pou sosyete a.
Marjorie Jasmin
CP: Levanjil Foto
Leave A Reply