Lè Etienne de Grellet ansanm ak John Hancook te debake nan peyi Dayiti nan lane 1816 pou vin enplante pwotestantis la se te nan Katedral Pòtoprens lan prezidan Alexandre Pétion te akeyi yo sou pèmisyon prèt tan plan. Kèk jou pita, yo vin gen lòt reyinyon ansanm ak prezidan an, men fwa sa se te nan peristil Palè nasyonal la.
Kretyen pwotestan ak katolik pa t toujou nan litij menm jan sa ye jounen jodi a. Anpil moun ki ekri sou listwa legliz pwotestan nan peyi Dayiti montre plizyè evènman kote 2 denominasyon sa yo te konn mete tèt yo ansanm.
Pwotestantis parèt an Ayiti nan moman kote peyi a divize, Henri Christophe te wa nan Nò pandan Alexandre Pétion li menm te prezidan nan pati Sid la. Wayòm Nò a te deja chita pi fò ansèyman teyolojik li yo sou predikasyon pwotestan an akoz rapò yo t ap chèche devlope ak peyi Langletè.
Ou ka li tou: Voici comment le protestantisme est arrivé en Haïti
Legliz Katolik ki te la depi nan peryòd kolonyal te kontinye ap domine nan pati Lwès la. Fòk nou raple Wòm pa t twò gen kontwòl sou legliz sa ni sou prèt ki te konn ap rantre soti pou vin preche nan peyi a.
Pwotestan yo debake
An 1817, 2 evanjelis pwotestan ki se Etienne de Grellet ak John Hancook debake Okay pou yo vin preche. Kèk jou aprè, yo monte vin Pòtprens pou yo rankontre ak prezidan Repiblik la, Alexandre Pétion.
Prezidan an ak evanjelis yo rankontre pandan 2 fwa. Premye fwa a se te nan Katedral Pòtoprens lane epi yon lòt fwa se te nan peristil palè a te genyen nan epòk la. Etienne ak Hancook te konte fè plis tan nan peyi a toujou, men malerezman epidemi fyèv jòn ki t ap taye banda nan moman an atake yo epi oblije yo tounen nan peyi yo.
Yon lane pita, fevriye 1817, 2 predikatè Metodis debake. Se Alexandre Pétion ki resevwa yo yon lòt fwa. Yo mete yon lekòl sou pye byen vit epi kòmanse mache preche an kreyòl ak an fransè nan plizyè kote peyi a tankou nan Sid ak nan tèt mòn Pòtoprens yo.
Plizyè moun kòmanse pote atansyon a mesaj la. « Prèt katolik yo pa t gen pwoblèm pou fidèl yo t al suiv sèvis legliz Metodis yo » selon sa Leslie J. Griffiths aprann nou nan liv « Le phénomène religieux dans la Caraïbe. »
Men lè Jean-Pierre Boyer vin pran pouvwa a kèk lane pita, li kòmanse pèsekite predikatè Metodis yo ansanm ak tout fidèl yo. Listwa rapòte tout bagay te kòmanse aprè yon jèn gason ki te kretyen metodis te touye manman l. « Men tout sa se te yon pretèks pou Boyer te chase Anglè yo ki te vle voye kèk misyonè al preche nan wayòm nò a » toujou selon Giffiths.
Prezidan te menm fè soti yon lwa pou entèdi Metodis yo reyini anndan legliz. Pandan peryòd sa lapolis ak lòt milis te konn bat e menm « lapide » kwayan pwotestan yo anpil anpil.
Divizyon an kòmanse
Kèk prèt katolik kòmanse sèvi ak pèsekisyon legliz metodis ap sibi a pou yo dedwane tèt yo sou yon seri dosye tankou divizyon ki te egziste ant Pè Gaspard ak Pè Marion. « Nenpòt fidèl legliz katolik ki ta asosye tèt li ak metodis yo ap ekskominye epi dwe al nan lanfè », daprè Griffiths.
Pierre André, yon pè ki te pwòch Jean-Pierre Boyer, te nonmen metodis yo kòm « fanatik k ap retire pèp Bondye a nan relijyon l. Doktrin y ap preche a ka fè peyizan yo tounen vizyonè epi fè yo bouke travay latè. »
Pèsekisyon an pral kanpe a pati lane 1823 lè Charles Rivière Hérard pral vin prezidan. Men divizyon ant pwotestan ak Katolik la pral pran chè Konkòda Damyen an k pral siyen an 1860.
Konkòda sa ki te Siyen an Leta ak Legliz Katolik te bay legliz sa dwa sou ledikasyon an Ayiti. Se lè sa Wòm pral poze otorite l sou legliz Katolik an Ayiti. « Konfli ki te deja genyen ant pwotestan ak Katolik yo pral vin pi evidan », daprè Griffiths.
Soti 1904 pou rive 1908, plizyè pwotestan ak yon fran katolik ki te rele Annibal Montasse tonbe voye trak youn bay lòt. Monseyè J.M Kersuzan ki te evèk nan vil Okap te konn apiye Annibal Montasse nan koze sa.
Jounal Le Nouvelliste te konn pibliye anpil nan atik Montasse ansanm ak Thomas Picot, youn nan lidè legliz Metodis yo, te konn itilize pou voye pwent youn sou lòt.
Plizyè lidè pwotestan tankou Mark Bird, Etzer Vilaire oubyen M J.B. Dehoux, yon gwo medsen metodis, pa t soutni polemik sa. Etzer Vilaire ki te pastè nan zòn Jeremi pa janm bay tèt li lapèn rantre nan polemik sa yo pandan li te chita lidèchip li a sou yon modèl kominotaris. Pita, polemik ant kretyen Katolik la pral pran chè sitou avèk vini denominasyon Pantkotis la nan peyi Dayiti.
Hadson Archange Albert
Fotokolaj: Angeler Dorcy
Referans:
Laënnec Hurbon (dir.), Le phénomène religieux dans la Caraïbe. (1989)
Leave A Reply