Bay baton se youn nan mwayen anpil paran ayisyen kontinye itilize pou korije timoun malgre premye atik nan Lwa 24 sektanm 2001 an entèdi tout fòm vyolans timoun. Pratik sa ki chaje ak konsekans sou lavi timoun lan repete tou nan diferan fwaye kretyen. Anpil nan paran sa yo kanpe sou kèk vèsè biblik pou kore abitid sa.
Jean Moner Romulus ki se yon jèn kretyen eksplike li te konn pran anpil baton nan men manman l lè li te timoun. Manman l te konn bat li plis pase papa l, selon sa l rakonte. « Men lè papa m resi bat mwen, baton an vo 10 fwa lavalè pa manman m nan », selon sa li eksplike.
Romulus sonje byen se te ak yon règ manman l te konn sèvi pou fè kouti manman l te konn bat li oubyen ak sentiwon. Poutan, yon lè kòlè te pote manman an ale epi l te bat li ak yon bwòs epi yon sandal. « Men li te eskize l tousuit aprè paske l te remake sa li fè a pa bon. Moun lakay mwen tou pa konn bay 2 pinisyon. Si yo mete m ajenou, yo pa p bat mwen », daprè sa Romulus eksplike.
Jounen jodi a, li twouve baton paran l te konn ba li yo te gen bon konsekans sou li. « Lontan lè m te konn pran baton se te pi move bagay pou mwen. Men kounye a gen chemen mwen pa pran se akoz koreksyon sa yo paran m te konn ban mwen. » Romulus deklare li menm tou li bat timoun lakay li lè l twouve yo merite l.
Marla Lustin Baptiste ki se yon jèn manman ki nan 30 lane konsa eksplike tou li te konn pran baton lè l te timoun e li kwè sa te ede l. Pou li, lè w pa kale yon timoun, yo ba l yon libète ki fè l santi l ka fè sa l pi pito e sa konn koze malè li.
« Si n ap konpare jenerasyon jodi a ak jenerasyon paran nou yo, n ap remake timoun kounya yo san respè pou granmoun yo, yo livre yo nan pratik imoral. Tout sa se konsekans edisyon nan tan kounye a. Mwen m panse baton an konstwi karaktè timoun nan », selon sa Marla Lustin Baptiste di.
Li kwè yo dwe bat timoun yo lè yo ta rive nan yon laj san sa pa rive nan maltretans. Marla L. Baptiste pa kwè baton an dwe sèvi premye rekou pou yon paran. « Epi, lè w ap kale timoun nan se pou w pale ak li pou w eksplike l poukisa ou oblije kale li », selon sa li di.
Kisa labib di sou bat timoun ?
Pastè Phony Peranstin ki se pwofesè nan inivèsite epi konferansye lafanmi depi plis pase 20 lane kwè « gen nesesite pou korije timoun lan ak severite jan Salomon montre sa nan Pwovèb 19.18 : Korije pitit ou yo, lè yo piti toujou, men pa bat yo jouk ou touye yo. » Pastè a presize « pa gen diskisyon sou itilizasyon baton pou pini timoun yo, lè moman an mande sa. Si timoun lan pa obeyi , nou dwe manyen manm li. »
Konferansye a rale Pwovèb 20.11 tou pou l eksplike lide l la. Li dakò « Paran an bezwen bay timoun lan baton depi piti paske aksyon l ap poze jodi a di kisa l ap sòti demen. » Selon Pastè Peranstin, yon timoun moutre ou sa l ap soti nan sa l ap fè. Se sou aksyon l ou ka di si l ap serye, si l ap bon.
Vous pouvez lire également: VOILÀ COMMENT AIDER VOTRE ENFANT CONTRE LE TRAUMATISME DU COVID-19
Pastè a ensiste sou baton an tankou yon mwayen pou mete timoun lan sou bon chimen pandan l kontinye ak Pwovèb 13.24 pou kore lide sa a. Vèsè a deklare : « Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l’. Si ou renmen l’, se pou ou korije l’. » Pi lwen pwofesè fòmasyon espirityèl nan Seminè Tewolojik Pòtoprens lan(STEP) fè konnen Bondye ap sèvi di ak paran ki pa dakò korije timoun yo. Pou agimante lide l la, li chita sou egzanp pwofèt Eli ki rive mouri paske l t ap tolere move zak pitit li yo nan tanp Bondye a. (1Samyèl 3.13-14)
Responsab òganizasyon pou timoun Récréation Haïti a ki se Ginou Pierre Taverne repwoche kèk paran ki chita sou kèk vèsè nan Bib la sèlman pou bay timoun yo gwo sakad. Pou lidè a, « koreksyon Labib mande a pa senpman kapab fèt ak baton, men ak etablisman prensip nan bon jan chita pale tou. »
Ginou P. Taverne, k ap rakonte eksperyans li nan kad travay li deja rapòte « nou pa bat yo nan òganizasyon an. Men, gen timoun ki tèlman abitye ak baton lakay yo, yo vin pa pran n oserye. Menm jan gen lòt menm si w ta ba yo lòt kalte pinisyon sa pa di yo anyen. »
Sou yon lòt bò, Kowòdonatris RH la fè remake bay baton konn fè timoun yo vin refèmen sou yo epi gen gwo laperèz pou yo eksprime yo.
Pou Monitris la « si se ak baton yon moun kwè w kapab korije yon timoun, ou kapab desi.»
Konsekans baton an sou timoun ?
Sikològ Bradley Noel k ap travay nan domenn Pwoteksyon timoun siyale anpil kouran nan domenn ledikasyon ak sikoloji pa ankouraje pratik bay timoun baton an paske sa kapab gen gwo enpak sou timoun lan sou pwen fizik, koyitif ak sikolojik.
« Timoun yo bat la kapab pote mak blese yo sou kò l pandan lontan ; li kapab vin gen domaj ki kapab mennen lanmò pi devan. Sa konn rive tou timoun lan resevwa yon kou nan tèt ki pral debouche sou chòk nan sèvo li ki ka fè l vin devlope twoub pou l aprann ak kenbe enfòmasyon », daprè deklarasyon sikològ la.
Pou Noel, bay baton an konn devlope lakay timoun lan yondisonans koyitiv ki se yon tansyon ki kreye anndan parapò ak kontradiksyon ki gen nan diskou l kwè a ak reyalite l ap viv la pou tout bon. Timoun sa ap asiste paran l ap fè l mal pandan l di l li renmen l.
Ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn lan ki t ap site enpak bay baton an genyen sou plan emosyonèl lakay timoun lan te mansyone difikilte pou timoun nan kapab valorize tèt li. Bradley Noel fè konnen timoun y ap fè vyolans sou li jodi a kapab vin genyen konpòtman agresif ak vyolan tou ak anviwònman l e menm kapab vin fè vyolans sou pwòp tèt pa l.
Pwofesyonèl sante mantal la ki te fè travay rechèch sou reprezantasyon ak itilizasyon baton sou elèv nan yon lekòl nan kapital la eksplike « Timoun sa konn vin sèvi ak vyolans kòm mwayen pou l rezoud konfli l ak lòt moun. » Anpil fwa tou,timoun y ap bat la konn vin adikte ak dwòg ak alkòl nan laj granmoun li, toujou daprè sikològ Noel .
Li presize enpak sa yo ka pa otomatik lakay tout moun ki te konn pran baton. Paske chak timoun son timoun, chak ka son ka apa ki merite yon etid apa.
Ki altènativ ?
Ginou ankouraje paran yo mete an aplikasyon metòd ki chita sou kominikasyon ak anpechman pou korije timoun yo. Tankou anpeche yo jwe, pran yon desè yo renmen, gad televizyon, elatriye. Menmsi lotè liv « Le grand défi » a rekonèt li pa fasil pou paran yo adapte ak metòd pinisyon modèn yo epi anpeche yon timoun pran kèk ti plezi nan yon peyi difisil tankou Ayiti.
Pou li, li enpòtan pou paran yo defini kad pinisyon yo ak timoun yo daprè laj yo nan bon jan kominikasyon pou timoun lan kapab konnen pou chak aksyon gen yon konsekans. « Si li respekte prensip yo l ap jwenn rekonpans, si li vyole prensip yo l ap jwenn pinisyon. Se ak li menm (timoun nan ; ndlr) pou chwazi. »
Sikològ Bradley Noël ale nan menm sans la pou l envite paran yo plis konsyantize timoun yo, ankouraje sa k bon epi pini sa k pa bon nan lide pou etabli yon kad pou ede timoun lan nan estriktirasyon li. Sikològ la ki t ap site omològ li Skinner kwè « nou pa ka ranplase yon bagay ki pa bon[Move konpotman]ak yon lòt bagay ki pa bon [vyolans].»
Yon atik ki sòti nan jounal Le Parisien nan dat 29 novanm 2018 demontre lè peyi Lasyèd t ap pran desizyon pou pa kale timoun an 1979, 70 % nan popilasyon an pa t dakò. 40 lane apre, plis pase 95% moun bat bravo pou desizyon sa. Soti nan lane 1982 pou rive 1995, etid yo montre gen mwens timoun anba 21 lane ki vòlè, mwens moun konsome alkòl ak dwòg, anpil pòt prizon fèmen paske manke moun pou mete ladan yo. Anpil syantifik nan peyi sa a kwè rezilta sa yo rive se paske yo pa bay timoun baton ankò.
Pou sikanalis David Eberhard ki se lotè « Hur barnen tog makten » (« Comment les enfants ont pris le pouvoir ») , modèl Laswèd la pa fin bon nèt paske li ankouraje granmoun mòlòlò ki vin debouche sou libètinay lakay timoun yo ki konn rive pèdi wout yo nan aji tankou timoun twòp pou tè (L’enfant-roi).
Daniel Jean Baptiste
2 Comments
Nou sanble pawè ETA yo nan peyi ki di pa bat yo a. Pesonn pat ede pesonn leve piti li li paka vin fè lakes lakay li. Fok nou konstate Jan yo vin delenkan e jodia rann sosyete a envivab paske yon seri paran demisyone. M pa kwè legliz oswa yon oganizasyon moun ki kwè nan Bondye ta va defann leta nan brigandaj Li yo. C menm bagay demokrasi sa ki vle poum kite yo leve e tounen masisinak madivin. Nou pa konprann c dwa paran yo yo leve Sou Tet timoun yo? M ta renmrn jwenn moun ki dim, òganizasyon sa yo Pou anfas mwen Pou dim desepsyon map pran Pou leve Nan sosyete pouri as a kem paka kalel lè li kite wòl ak dwa timoun li.
Nou ki met lwa yo c volè,masisi,madivin gro kriminel ak kravat nan non politik.
M kwè gen sijè ki pi enteresan tankou oil timoun legliz pa janm ankadre,Fanmi kap grennen San kanpe Pou met plis mizè nan fwaye yo. Aprann moun sa yo konsekans lan. Yon jou komemorasyon pa lavi yon timoun.
Benyenl ak baton ap fel gen krent lèl fè sak gen awè ak baton.
Mwen c baton ki sovem
Se yon bon atik. Mwen felisite w zanmi m pou travay sa.
Mwen te eseye li l ak anpil atansyon, e mwen te pran pozisyon ak prekosyon sou kèk lide ki veyikile nan tèks la.
Nan ka sa mwen rete kwè e men m pi fon toujou nan sa Bib la di. Mwen ap pran youn nan apwòch ou yo pou m kapab moutre sak fè Pawòl BonDye a se li ki gen rezon e ki ap toujou gen rezon. Se vre Lasyèd ap vante tèt li, moun ap fè elòj pou li : pòt prizon rete fèmen; men gen plis swisid, plis dezagreman, plis libètinaj lakay timoun yo nan peyi sa wi. Gen plis paran demisyonè tou wi.
Alò, nou panse BonDye se renmen li pa renmen Pitit nou yo lè li di nou fwete yo a. Syèk pase yo montre nou bon jan rezilta metòd sa pote. Nan menm sans lan tou, syèk jodia moutre nou sa li moutre nou an nan chwa nou fè, nan vini ak metòd nou. Nan lide pou mete sa BonDye di sou kote.
Mezanmi, an nou rete soude ak sa Bib la di sou jan BonDye mande pou nou leve timoun.