• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

Konfesyon – Frè Alexis.

21 août 2017

– Yow menn maten an m leve m pran yon bon nouvèl…

– Ki nouvèl frè?

– Yow Gabja menn, ou sonje Gabje.

– Yeah, m sonje misye wi menn, Yon atis, misye gen anpil talan menn.

– Haaa! Misye remèt tout bagay a Bondieu wi menn.

– Oh! Ebyen misye fè yon bon chwa menn

– Ha wii yon bon chwa, sa se yon chwa pou tout jèn ta fè menn.

 

Avan m te jwenn BonDye, m t toujou ret nan mansonj

Lè m ba w yon pawòl pou w ka kwè m m ka menm di w m t wè l nan sonj

m te ka di 50 pawòl, men pat gen 2 nan yo ki vrè

pou yon jounen manti m konn bay m t ka menm fè yon livrè

ou pat ka dandi pase m

ou pat ka Bandi pase m

si kleren ap bwè ou ta fou pou boutèy la ou pa pase m

m pap dakò w depase m

ògèy te toujou anpare m

m te tèlman anranje fanmi m konn mande m sa kap pase m

Pwogram lakay mwen se pa 2 Fi

Anpil fanm pou mw’ se te yon defi

m te gen yon pakèt vye dezi

m pat vle tande pale de Jezi

m tap mennen yon vi tout ti vis

e nan mwen te gen tout ti vis

Menteur, ambitieux anfen tout defo m te plis ke 10

Kounye a Gabja chanje an frè Alexis m konvèti

M vin gen BonDye kòm kouvèti

E nan li m jwenn tout ouvèti

e ou wè ti

sa w panse BonDye pa ka fè a L’ kapab

La preuve en est bien grande li retire m nan Dyab

 

Ref

 

Tande, tande, avè w Bondieu vle pale,

Frè m, sè m yo ouvè zorèy nou pou n tande tande,

nenpòt jan peche w ye Li ka lave yo

Met a jenou devan L se sèl Li ou ka avwe yo

(bis)

 

||

 

Ou te ka gen 15, 30, 60 an

M pat bezwen konn laj lan

Depi m te bloke ou kite m pale avè w nan menw map pran lajan

Tout zòn tout kote yo te konnen m kom gwo blofè

Paske m pat gen limit e mw pat panse ak tout sam te dwe fè

Ògèy mw te telman wo m te ka fè nenpòt abi

Sa m te viv sa m te fè ou pa tap jwenn nan pòt lavi

Men BonDye vin rachte m

Nan le monn Li rachem kounye a Lap swiv tout jès mwen tout mès mwen m kwè Lap swiv mache m.

 

Bridge

 

Kounye a, mw pa menm moun nan ankò non

M pap tounen nan lemonn ankò

Li lave mwen Li kenbe menm e Li pap lage mwen,

Mèsi papa

(bis)

 

Ref

 

Tande, tande, avè w Bondieu vle pale,

Frè m, sè m yo ouvè zorèy nou pou n tande tande,

nenpòt jan peche w ye Li ka lave yo

Met a jenou devan L se sèl Li ou ka avwe yo

(bis)

 

Fen

 

Share

Musiques  / Slider  / Videos

Leave A Reply


Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés