Reponn « NON » ak yon moun k ap koze avè w san w pa blese l se yon egzèsis difisil nan kèlkeswa fòm ou vle l parèt la. Kijan moun sa pral santi l aprè? Se yon kesyon ki vini chak fwa pou n reponn filè\èz sa a ki pa entèrese w pou yon relasyon santimantal.
Anpil fwa santiman ak emosyon moun nan gen pou ou a konn fè l pa konprann signal ou yo ki montre w pa enterese. Lè sa ou sètoblije fè l konprann sa dirèkteman. Anpil nan nou konn twouve egèsis sa difisil paske moun nan gen dwa mal konprann ou.
Poutan chaje fason ou ka itilize pou w eksplike moun nan sa. Pami yo, B-Atitid chwazi montre w 4 ladan yo li twouve ki efikas.
Chwazi yon bon kad
San di petèt, li pi bon pou pawòl la pale fasafas, nan lide pou evite tout malantandi. Fòk ou jwenn tan pou w byen doze repons lan ak temwanye respè pou pretandan an.
Yon espas trankil, ki natirèlman pa bay aspè womantik, ta dwe fè afè a. Yon kote n ka jwenn yon ti kras entimite pandan n rete fokis sou sijè a. Se kapab nan yon moman pwomnad, nan yo restoran oubyen nenpòt lòt kote.
Sonje lakay nou youn pa bon kote pou sa, yon mannyè pou nou youn pa gen pye sou lòt. Chwazi yon bon kad deja mete w sou yon bon ray avan ou fè deklarasyon w lan.
Nan yon bon « timing »
Yon nouvèl ou resevwa ka gen diferan konsekans, sa depann de moman ou resevwa l la. Poutèt sa, li rekòmande pou asire w, e ou menm e filè/ez la sou bon jou ak nan bon moman nou. Sa kapab evite dezagreman nan randevou a.
Pa pran chans rankontre l aprè yon jounen travay, yon move egzamen osnon aprè tout move nouvèl ki ta ka ogmante estrès lakay nou. Paske nan iritasyon ak kòlè, nou kapab rate lesansyèl kominikasyon an nan itilize move pawòl.
Ak yon langaj dous (san manti ni pitye)
Wi se wi, non se non ! nou pa gen dout sou sa. Men lè se non an, nou pa ka lage l konsa. Fòse jwenn pawòl ki pi byen chita yo pou w eksprime refi a, san bay manti ni montre konsène a w ap pran pitye pou li.
Nou konseye w evite tout kritik sou pèsonalite, sou fizik osnon kondisyon materyèl moun lan. Gen refi ki mennen depresyon ak swisid kay moun ki pran l lan. Ka sa yo rive tou lè pawòl moun k ap di non an manke charite. Sonje, yon repons dous ka kalme yon moun ki an kòlè daprè sa Labib la di.
Sonje rekonesan e ankourajan
Pa ezite remèsye zanmi an pou tan li pase ap koutize w la ak kouraj li envesti nan pwosesis konkèt la. Sa pa yon achte figi ni yon pase nan rizib, men yon mak apresyasyon ak galantri ki gen tout sans li nan rapò moun ak moun.
Si w raple l enpak li sou lavi w (si genyen) epi felisite l pou bon pwen l make yo, sa ap valorize l epi ogmante apresyasyon l pou moun ou ye a. Fè sa w kapab pou w konkli ak sa ki bon lakay li yo. Se nesesè pou l konnen li pa yon move moun men li jis pa moun ou vle a.
Nou tout gen pou n kwaze pou piti yon filè\èz nou p ap renmen. Kèlkeswa rezon ki ta pouse nou di non an, pran tan reflechi sou pi bon fason, pi bon kote ak pi bon moman n ap di l sa. Pou moun ki gen difikilte di “non” yo, sonje plis pretandan an rete san repons se plis l ap espere. Plis l ap espere se plis desepsyon an ap vin pi difisil pou aksepte.
Di l li yon fwa ! Si, malgre w fè tout sa n site pi wo yo, zanmi an ta fache osnon ta demake, ba li yon ti tan pou l asimile repons lan. Fè plas pou resevwa l nenpòt lè l chwazi tounen nan limit zanmitay.
Daniel Jean-Baptiste
Leave A Reply