• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

Ki rapò yon Kretyen dwe genyen ak mò?

10 novembre 2020

Li difisil pou yon moun  bliye yon moun ki te chè pou li ki mouri, paske fè dèy se pa yon bagay ki fasil. Sa valab tou pou Kretyen yo.

Jou ki te 22 mas 2020 an, Rode Louis Azer Chéry pèdi papa li ki pa t reziste aprè yon peryòd maladi. Jèn gason an deklare depi lè lavi li vin pi difisil tèlman li sonje papa l paske se avè l li te grandi.

« Jou sa se youn nan pi move jou nan lavi m paske se yon pati nan mwen ki ale e m poko wè a ki mwayen mwen pral konble vid sa. Malgre tout konsèy mwen jwenn, tout sa mwen li, tout efò m fè pou m eseye bliye sa ki pase a, chak jou m leve ak souvni papa m nan tèt mwen », selon deklarasyon Rode L. A. Chéry.

Li rakonte papa l se premye moun ki toujou konnen sa ki te konn pase nan lavi li. Li rete kwè lanmò sa se pa yon vid l ap rive konble fasilman, men li di li pral fè efò pou li ka avanse nan lavi a ak tout leson papa l te aprann li.

Moun ki konvèti nan legliz pwotestan koupe fache ak pratik sa yo sou baz sitasyon biblik Jezikri te fè nan Matye 8.22 a : « Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo. » Poutan, lasyans revele fè dèy pou moun ki mouri enpòtan anpil pou pwòch li yo.

Poukisa fè dèy enpòtan nan lavi moun ?

N ap raple, fè dèy pa vle di rantre nan menm kalte pratik menm jan ak anpil lòt relijyon.  Men se pito, « yon eta afektif ki difisil yon moun twouve li aprè yon pèt. Pèt sa ka yon moun, yon objè, yon travay oubyen yon separasyon nan yon relasyon santimantal », daprè sa Doktè sikològ Jeff M. Cadichon eksplike. 

Daprè Sikològ la ki se pwofesè nan Inivèsite Leta Ayisyen an tou, dèy la ka pouse moun lan abandone tout aktivite abityèl li pou li rete pou kont li pou l ap panse ak sa ki pase a sèlman. Pwofesè Cadichon di li enpòtan pou moun yo antre nan yon pwosesis pou yo fè dèy aprè yon pèt, sa vle di eseye reprann vin nòmal yo.

« Li enpòtan paske se yon etap ki pral pèmèt moun lan retounen nan yon eta abityèl. Kote moun lan aksepte moun ki chè pou li a mouri vre epi li jis ap kenbe souvni moun lan nan memwa li pandan l ap envesti enèji l pou l konstwi yon vi tou nèf. » Li fè konnen si moun lan pa rive byen fè dèy la sa ka ba li gwo pwoblèm nan lavi l.

Mesye Cadichon kwè fèt mò se yon pratik kiltirèl ki ka ede yon moun fè dèy paske si moun nan deside komemore mò a se deja yon sòt akseptasyon li ye.

Pèdi yon moun ki chè pou nenpòt moun nan se pa bagay ki fasil ditou. Pastè Billy J. Raymond ki se manm kò pastoral « Église Pentecôte Par la Foi De Citron Marlique » rekonèt li pa fasil pou yon Kretyen bliye lyen li te genyen ak yon moun ki mouri.

Li rakonte « Kretyen an pou l rive fè dèy la se bagay k ap pran tan. Si moun ki mouri a te yon kretyen tou, dèy la ap rive fèt a pati pwomès ki nan Bib la sou sila yo ki mouri nan Kris la (rezireksyon, 1 Tesalonik 4:15-18, Revelasyon 14:13, Rev. 20:6…).

« Epi nou kwè Lespri Bondye a ki nan lavi kwayan ap pote konsolasyon pou li nan lapriyè. Kretyen an tou ap jwenn ankourajman nan men frè ak sè ki nan legliz kote l mache a ak pastè li tou », daprè Pastè Raymond.

Ki rapò yon Kretyen dwe genyen ak mò?

Nan Matye 8.21-22, yon disip mande Jezi pèmisyon pou li al antere papa l ki te mouri avan l vin suiv Li. « Men Jezi reponn li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo. »

Anpil kretyen baze sou vèsè sa pou yo ankouraje moun detache yo ak lanmò. Poutan fè dèy se pa yon bagay ki fasil ditou. Li toujou difisil pou yon moun pa gen santiman tristès chak lè li rive nan dat li te gen yon pwòch li ki mouri, sitou si lanmò sa te vini sanzatann.

Pastè Maxon Julien rekonèt sa. Men li raple Kretyen yo lanmò gen pou li disparèt, soufrans yo gen pou yo fini daprè sa ki ekri nan 1 Korentyen 15.26. « Youn nan pi gwo sous soulajman yon Kretyen genyen se paske lanmò gen pou l fini. Nou dwe toujou sonje sa nan moman difisil yo. »

Ou ka li tou: Pourquoi l’église Protestante refuse de célébrer certaines funérailles ?

Men pou Pastè Maxon Julien « Premye ak 2 novanm pa fèt Kretyen. »  Poutan, li admèt yon Kretyen ka toujou netwaye tonm kote yon fanmi li antere. Men li di yo pa dwe gen yon dat espesyal pou fè sa.

Li ankouraje kretyen yo pou evite mele yo ak moun ki ap fete mò nan peryòd premye ak 2 novanm paske yon fèt toujou rete yon fèt.

« Yon Kretyen ka toujou netwaye kote yon manb nan fanmiy li antere. Yon Kretyen ka toujou gen yon estim pou yon espas kote kò yon moun ki te enpòtan pou li antere. Li ka al pran yon ti tan rekèyman lè li atriste, men se pa mò a l ap onore lè sa », daprè sa li esplike.

Selon li menm, espas kote tonbo a ye a se jis yon espas souvni men se pa la nanm moun nan ye. Yo pa bezwen al fè okenn seremoni la, sa pa enpòtan.

Pastè Billy li menm kwè rekèyman ka fèt plizyè fason nenpòt ki moman. Pou li, moun nan ka konsantre tout atansyon l sou lanmò a, l ap panse ak anpil istwa, relasyon ki te genyen lè moun nan te vivan.

Men pou li menm, al rekeyi sou tonb lan ka kreye okazyon pou yon kretye peche. Nan sans sa li pa ankouraje pratik sa.

« Mwen kwè fè rekèyman sou tonb nan se yon bagay kiltirèl, mwen konn wè nan peyi Etazini gen kretyen ki toujou al rekeyi yo sou tonb fanmi yo tankou sa fèt lakay nou tou. Anpil fwa se pa rekèyman ki fèt vre se pito venerasyon mò a. Mwen pa kwè li enpòtan pou kretyen an ale sou tonb moun li pèdi a pou l rekeyi l paske moman rekèyman fèt nan nenpòt moman dèfwa san ou pa menm atann.  Mwen pa vle di aksyon pou kretyen an al sou tonb moun li genyen ki mouri a  nan li menm se peche, men mwen kwè aksyon sa ka [kreye] okazyon pou li peche » daprè pastè Billy James Raymond.

Pwofesè Cadichon di menm si legliz entèdi moun fete fèt mò, prensip la sèlman respekte sèlman nan nivo pratike rityèl yo. « Ou pa ka anpeche yon moun sonje yon moun ki te chè pou li ki mouri. Dayè yo bay konje pou dat la. Lè kretyen an lan lari li ka kwaze ak yon gwoup moun ki pote koulè ki sembolize fèt la »,  se konsa li reyaji.

Li rete kwè nenpòt lè yon Kretyen sonje yon moun li ki mouri li ka toujou rann li omaj san li pa al fè seremoni nan simityè. Pwofesè a eksplike moun nan ka ekri yon tèks, chante oubyen li ka fè yon lòt bagay pou make moman an.

Pastè  Maxon Julien bò kote pa li rapòte 2 istwa kote gen kèk sèvitè Bondye nan Bib la ki eksprime santiman respè yo genyen pou yon moun ki te chè pou yo ki mouri. An premye, li fè konnen Neyemi te parèt devan wa a tou tris pou al mande li pèmisyon pou al rekonstwi vil kote tonbo manman li ak papa li te antere paske li te aprann miray Jerizalèm yo pa t ko janm rekonstwi (Neyemi 2.3-5). 

Lòt istwa a se Jozèf ki te fè moun yo jire pou yo di « lè y ap kite Lejip pou yo pa kite zo li. » Anviwon 400 ane aprè Moyiz te pran zo Jozèf pou li transpòte nan peyi Kanaran (Egzòd 13:19).

Molière Adely

Share

Études bibliques  / Spiritualité

Leave A Reply


Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés