Ou se youn pami 126 267* moun ki siyen petisyon Shekinah ak Federasyon pwotestant te lanse nan aswè 12 jiyè 2020 an ? Eske ou konnen petisyon sa sibi anpil modifikasyon, san bri san kont, depi li te pibliye a ?
Jisteman, san eksplikasyon, moun ki te lanse petisyon an fè yon gwo pase men nan jan li te fòmile l la apre plis pase yon santèn milye moun te gentan siyen li. B-atitid konstate se pratikman yon nouvo vèsyon petisyon an ki an liy, jodi 23 jiyè a
Nouvo vèsyon sa, ki sanble yon vèsyon korije, fè yon ti leve men sou ton radikal petisyon an te genyen avan an. Responsab petisyon an ki se Federasyon pwotestant ansanm ak Shekinah menm chanje pozisyon kareman nan kèk pwen yo te denonse avan, ki jis disparèt nan nouvo vèsyon ki disponib pou kounya a.
Nouvo vèsyon petisyon an liy Federasyon an ak Shekinah fè bak sou pwen yo te denonse sou kesyon omoseksyalite a yo
Premye gwo chanjman, se tit petisyon an li menm. Petisyon orijinal la te rele : “Revoke legalizasyon pwostitisyon timoun, moun ak bèt, fanm ak fanm, gason ak gason…” lè li te sòti a. Kounye a, sou sit la, petisyon an rele “Revoke legalizasyon pwostitisyon timoun, moun ak bèt, ”. Pati sou moun ak lòt moun menm sèks la pa ladan ankò** (apre piblikasyon atik la, yo remodifye tit la e ajoute pati ki te retire a, men yo pa ajoute sijè a nan tit ki nan kò petisyon an, ni yo pa ajoute li nan atik yo).
Youn nan gwo pwen ki te mobilize moun, pou yo siyen vèsyon orijinal petisyon an, se te presizyon kòmkwa nouvo Kòd penal la ta prevwa pèn (gwo amann ak prizon) pou Pastè ak Prèt ki pa vle marye moun menm sèks. Nouvo vèsyon an pa pale de maryaj ditou li menm, men li mansyone pito “sèvis piblik” pastè ak prèt pa ta vle bay san li pa presize kisa sèvis sa yo ta kapab ye.
Apre sa, nan diferan pwen yo, genyen anpil chanjman ki fèt tou. Pa egzanp, nouvo vèsyon an pa denonse laj moun vin majè an Ayiti ki ta desann ankò, men li pito pale de “laj pou moun dakò fè bagay”.
Okenn eksplikasyon pa bay
Eske chanjman sa vle di, aprè konsiltasyon, responsab yo twouve yo te mal entèprete kèk pwen yo te denonse yo ? Osinon eske yo jis fè yon retrè sou kèk nan pozisyon yo ?
Pou rapèl, Petisyon sa te vini apre yon mesaj Pastè Gregory Toussaint kote Pastè Legliz Shekinah a ki te dekri ak presizyon chak dezakò li te genyen ak nouvo Kòd la. Selon lidè a, dokiman sa te vin legalize omoseksyalite nan peyi Dayiti, legalize pedofili, epi desann laj majorite nan peyi a a 15 lane sèlman. Petisyon an te rapòte nan divès medya lokal ak entènasyonal pou jan li te resevwa anpil siyati nan yon ti bout tan.
Antouka, si te genyen mezentèpretasyon, konnen yo gentan ale byen lwen. Nenpòt rezon ki ta pouse lidè yo pote modifikasyon sa, yo ta dwe enfòme piblik la tou pou li ka konprann erè yo, pou yo pa rete nan inyorans. Antouka jiska kounye a, okenn eksplikasyon pa bay pou chanjman yo e moun ki kontinye ap siyen yo pa sanble rann yo kont de yo.
Kanta petisyon an, li toujou ap resevwa siyati, sou sit change.org, kote li pibliye pibliye nan lang panyòl, angle, franse ak kreyòl.
Men kèk diferans ki genyen nan 2 vèsyon petisyon an yo.
Atik 1.
Vèsyon orijinal : Nou rejte atik 275, 277, 304, 305, 471 nouvo Kòd penal la ki bese laj pou timoun majè a 15 an.
Vèsyon korije : Nou rejte atik 304 ak 471 nouvo Kòd penal sa ki bese anba chal laj pou moun dakò fè bagay a 15 zan
Atik 2:
Vèsyon orijinal : Nou rejte atik 468 Kòd penal sa ki fasilite timoun ki gen sèlman 15 lane pou yo bwè alkòl.
Vèsyon korije : Nou rejte atik 468 nouvo Kòd penal sa ki pèmèt timoun ki gen 15 zan e plis ka bwè tafya si yo vle.
Atik 3
Vèsyon orijinal : Nou rejte atik 38 ak atik 471 Kòd penal sa ki antre pwostitisyon timoun endirèkteman nan sistèm sosyete nou an.
Vèsyon korije : Nou rejte atik 471 nouvo Kòd Penal sa ki fofile pwostitisyon timoun ki gen plis ke 15 zan nan sistèm sosyete nou an.
Atik 4
Vèsyon orijinal : Nou rejte atik 208, 248, 264, 275, 278, 298, 301, 305 nan nouvo Kòd Penal la, ki ranfòse pratik seksyèl ant gason ak gason, ant fi ak fi, ant kouzen ak kouzin, ant tonton ak nyès, ant matant ak neve (atik 305).
Vèsyon korije : Nou rejte atik 305 nan nouvo Kòd penal la, ki sitire pratik seksyèl ant kouzen ak kouzin, ant tonton ak nyès, ant tant ak neve.
Atik 5 :
Vèsyon orijinal : Nou rejte atik 301 an menm legalize relasyon seksyèl ant moun ak bèt… Epi sosyete ayisyèn nan rejte pratik sa yo nan sistèm moral li, kit moun yo kretyen, kit yo pa kretyen.
Vèsyon korije : Nou rejte atik 301 nan nouvo Kòd Penal sa ki otorize relasyon seksyèl menm ant moun ak bèt si yo pa fòse moun nan. Sosyete ayisyèn nan rejte pratik sa yo nan sistèm moral li, kit moun yo kretyen, ou pa.
Atik 6
Vèsyon orijinal : Nou rejte atik 5, alineya 2, Dekrè 16 jen 2020 sou Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik (CINU/KINI) lan vini ki pèmet moun chanje sèks yo.(fi ka tounen gason, gason ka tounen fi).
Vèsyon korije : Atik sa pa egziste nan nouvo vèsyon a. Yo soti nan 5 yo ale nan 7.
Atik 7
Vèsyon orijinal : Atik 362 ak 363 menm Kòd Penal la pini tout pè, tout pastè, tout ofisye eta sivil Lalwa bay dwa marye moun. Nenpòt moun k ap ofri yon sèvis ki ouvè pou gran piblik ki ta refize sèvi kategori moun sa yo ap gen pou pase 3 a 5 lane nan prizon Epi peye ant 50,000 a 75,000 goud amann. Atik 363, 2zyèm alineya a, mansyone sanksyon pou “personnes morales”, sa vle di enstitisyon tankou legliz.
Vèsyon korije : Nou rejte atik 362 ak 363 nouvo Kòd Penal sa ki pini tout pè, tout pastè, tout ofisye eta sivil ki ta refize bay sévis piblik ki kont konviksyon moral ak relijye yo. Ofisye sa yo ka pran prizon pou 1 a 5 lane ak peye 50,000 jiska 100,000 goud amann. Atik 366 lan bay sanksyon enstitisyon yo, tankou legliz.
Redaksyon an
* Valè siyati ki sou petisyon an nan moman atik la tap ekri.
**Apre atik la soti, tit petisyon an tounen jan li te ye a. Men sijè yo toujou rete absan nan tik ki anndan petisyon an li menm nan (gade foto a). Pou evite konfizyon si yo fè lòt koreksyon a koreksyon an, nou mete eskinshòt sa yo la.
Leave A Reply