Rapò mizisyen kretyen yo ak mond sekilye a se youn nan deba ki fè plis tole nan mitan sektè evanjelik la. Malgre sa, plizyè mizisyen kretyen toujou kontinye jwe nan lòt aktivite ki pa gen anyen pou wè ak kesyon legliz.
Matthieu Jean-Louis ki se maestwo youn nan pi gwo koral evanjelik yo rakonte sa fè plizyè lane l ap vann sèvis li nan plizyè pwojè mizikal nan sektè sekilye a. Pami pwojè sa yo, maestwo a rakonte konn gen mizik konpa, rasin, mereng kanaval, elatriye.
« Mwen jwenn anpil demand bò kote tout kalite gwoup ak atis. Jeneralman, mwen pa chwazi a kiyès pou m jwe », daprè sa mizisyen an rakonte. Daprè li menm, se pwofesyonalis li ki fè yo mande pou li anpil konsa e l pa twouve sa se yon pwoblèm paske se sa li etidye.
« Sa pa retire anyen nan lafwa mwen gen nan Bondye. Pou mwen se menm jan ak nenpòt lòt pwofesyonèl ki deside ofri sèvis li ak nenpòt moun ou gwoup ki pa kretyen », toujou selon Matthieu Jean-Louis. Sou baz lide sa, maestwo a pa kache l toujou vann sèvis li sou sèn festival ak cha kanaval.
« Men depi se yon mizik k ap blasfeme non Bondye oubyen denigre kò fanm, mwen pa p patisipe ladan l. Mwen konn pran tan m pou m evanjelize moun yo lè konsa pou jistifye pozisyon m nan », toujou daprè Jean-Louis.
Maestwo a di l pa janm patisipe nan pwojè k ap mete l devan sèn pou sa pa kreye skandal bò kote kretyen parèy li yo. Lè l sou cha yo, li pa janm rete nan pozisyon pou kamera wè l, toujou daprè sa l di.
« Mwen fè tout efò m pou rete pwofesyonèl lè m nan mitan mizisyen ki pa kretyen yo. M pa vle kliyan sa yo te menm gen yon dout sou kalite travay mwen ba yo a », toujou daprè maestwo a. Jean Louis deklare li jeneralman prepare lespri li pou sa k ap fèt nan aktivite sekilye sa yo pa deranje lafwa li.
Pozisyon mizisyen yo diferan
Kondisyon sosyoekonomik difisil yo, se youn nan premye bagay ki konn pouse yon mizisyen al jwe ak gwoup oubyen atis sekilye. Lè konsa, mizisyen an pa touche ditou osnon ase lè l ap ofri pefòmans li nan sektè evanjelik la.
Se nan aprè anpil tan Yves Virgile, yon mizisyen evanjelik ak omwen 30 lane eksperyans, rive dakò yon mizisyen kretyen se yon pwofesyonèl ki ta ka vann sèvis li ak tout moun alawonnbadè. Malgre sa, ansyen maestwo gwoup « Les Christophiles » la ki ap dirije gwoup « Louwanj » jounen jodi a bay kondisyon l sou sa. Pou li, yon mizisyen ta dwe jwe ak yon atis sekilye ki gen yon pakou egzanplè epi ki ap pote yon mesaj ki pa kontrè ak lafwa li.
Si se pou kanaval, Virgiles estime yon atis kretyen pa ta dwe gen rapò ditou ak « bagay paske kanaval an Ayiti se yon aktivite dyabolik ki gen yon kouvèti atistik. Li mennen yon seri pratik ak rityèl ki kontrè ak fwa kretyen yo. » Pou kore sa l di a, li rapòte anpil nan gwoup yo fè anpil entèpelasyon mistik avan yo soti sou cha.
Poutan maestwo a deklare l pa gen pwoblèm si yon mizisyen patisipe sou yon mizik kanaval nan estidyo sou yon baz pwofesyonèl. Pou fini, Yves Virgiles konseye mizisyen legliz yo aprann yon metye sou kote pou evite presyon ekonomik k ap fè yo al jwe nan aktivite kip a evanjelik.
Kretyen an ak idantite l
Pastè Sam Cénor ki nan legliz « Le Village » nan Petyonvil kanpe fèm kont patisipasyon yon mizisyen kretyen nan kalite aktivite sa yo. Pou li, premye eleman ki rantre nan deba sou fason yon kretyen dwe fonksyone se idantite l. « Se idantite a ki ta dwe mennen fonksyon an. Yon kretyen dwe gen yon sèl mòd vi espirityèl nan tout sa l ap fè », daprè sa pastè a fè konprann.
Koze sa pa ekate mizisyen evanjelik yo selon pastè asistan legliz « Le Village » la ki al pi lwen pou di mizisyen kretyen an pa ta dwe jwe nan yon kad ki pa mache ak espirityalite li.
« Li pa sifi pou w gade sa w ap fè a sou yon baz pwofesyonèl, men se pou w gade tou èske li charye valè kretyen yo », daprè Sam Cénor ki di mizisyen an ta dwe kesyone motivasyon ki fè l patisipe nan aktivite sa yo.
Pou reponn mizisyen ki pa kwè aktivite sa yo ka rive atenn lafwa yo, pastè Cénor envite yo reflechi ak anbyans k ap ankouraje debòch nan mizik y ap jwe a. Li site 1 Korentyen 6 kòm vèsè pou l fè yo sonje Bondye mande kretyen yo kouri pou bagay sa yo.
Si mizisyen an ta konprann jarèt li bay debòch la, daprè pastè a, li pa t ap patisipe nan anbyans sa. Kontrèman ak kretyen k ap bay swen oswa k ap bay sekirite nan kanaval la, mizisyen an patisipe anpil nan kreye anbyans debraye, toujou daprè pawòl dirijan legliz la.
Sam Cénor pa kanpe totalman anfas lide pou atis kretyen an ta jwe lòt kote oubyen lòt sijè ki pa evanjelik. Pastè a ki se pwodiktè espektak tou ankouraje mizisyen evanjelik yo gade motif ki fè yo ap jwe mizik nan yon lòt kad la pandan y ap koute Sentespri a ki, daprè li, ap chèche konvenk yo sou sa.
*Matthieu Jean-Louis se yon non redaksyon an chwazi bay maestwo a ki pa t vle non l site nan atik la.
Foto: Kanaval Nasyonal Ayiti
Tèks: Daniel Jean Baptiste
Comment
Bon bagay Daniel