• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

Men poukisa kèk kretyen pa vle mete ajenou devan moun

23 juin 2020

Fason pi senp nou kapab defini ajenou  se « pliye atikilasyon prensipal janm lan yon fason pou fè l rive atè ». Si aksyon an parèt senp pou aplike, sans li mennen dout ak retisans bò kote kèk kwayan ak relijye nan moman yo ta dwe aplike li devan lèzòm.

 

9 jen ki sot pase la, Infochrétienne rapòte yon evènman ensolit ki pase pami tout soulèvman ki te genyen kont rasis nan peyi Etazini yo. O’Neal Saddler, yon polisye kretyen ameriken te refize mete l ajenou pandan yon manifestasyon pwotestasyon kont lanmò Georges Floyd malgre li gen pwoblèm ak fenomèn rasis la. 

Pou kore pozisyon li a fas ak jès sa ki se youn nan senbòl mouvman Black lives matter a menm,  Saddler  eksplike «  Mwen la pou m garanti sekrite nou  tout. […] Mwen chaje respè pou sa k ap fèt la, men mwen mete ajenou devan yon sèl moun : Bondye ! »

Anpil kretyen tankou O’Neal Saddler kwè moun pa dwe pliye jenou devan moun nan kèlkeswa sikonstans li ye a. Anpil nan yo kwè adopte yon konpòtman konsa devan lezòm se manke Bondye dega.

Mete ajenou nan Labib

Pastè Molière Merisca ki ap dirije legliz « Assemblée de Dieu de Jacquet » se youn nan pami kwayan sa yo. Pou li, « mete ajenou an se pa yon pòz nou rankontre anpil nan Bib la. » Li kore sa l di a pandan l pran egzanp Esdras ak Salomon ki te fè jès sa a.

Nan Esdras 9.5, Labib eksplike pwofèt la te mete jenou l atè aprè ekzil pèp Izrayèl la, nan moman li te aprann jan  pitit pèp la  te lage kò yo nan fè tout kalite peche ak moun lòt nasyon kite nan peyi a. Salomon li menm te mete ajenou sou platfòm li te fè bati an kwiv nan  mitan tanp lan, lè li  t ap dedikase menm tanp sa ak Bondye jan a te gen tan anonse a (2 Istwa 6.12- 13).

Pastè Derisca eksplike plizyè lòt kontèks nan labib toujou sitou nan Nouvo Testaman kote moun te mete ajenou. Li rale 3 istwa nou jwenn nan Mak 10.17, Mak 1.40 ak Mak 7.60 pou l montre siyifikasyon jès mete ajenou an. Pou li 3 istwa sa yo montre respektivman yon « entansyon pou rann omaj ak yon pèsonalite siperyè, pou mande gras osnon favè ak pou w dispoze pou lapriyè. »

Nan ki sikonstans nou ka mete ajenou devan moun?

Nan legliz, kretyen mete ajenou anpil fwa pou priye pou kont yo, pou priye pou yon moun oubyen pou bay yon yon moun priye pou yo. Si sa parèt nòmal pou priye ajenou pou kont ou, pou 2 dènye kontèks yo gen ti dezakò.

Sou pwen sa, Garry CALIXTE ki se prezidan koral Prémices de Shekinah kwè « gen kretyen ki pa dakò mete ajenou devan moun pandan y ap priye ak li osnon pou li. » Daprè jèn predikatè a « Manb Legliz sa yo wè nan jès sa yon okazyon pou moun k ap priye ak yo a monte tèt li jous pou l kwè li siperyè devan yo paske l ap prezante yo devan Bondye. »

Se lide pastè Wolf Alexis ki deklare « kretyen pa dwe mete ajenou ditou devan moun pou kèlkeswa rezon an paske lè w fè sa se adore w adore moun sa otomatikman. » Tewolojyen advantis la rale dezyèm kòmandman an pou raple Bondye pa dakò ak sa.  

Dezyèm kòmandman an entèdi moun fè « […] estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. […] (Egzòd 20 :4-5). »

Pastè Wolf Alexis ale pi lwen pou l pran egzanp Jezi ki te chase Satan nan moman l te mande li pou li pwostènen devan l ak adore li nan Matye 4. 9-11 ak  Danyèl ki te pito ale nan fòs lyon pase l te adore Wa a.

Pastè Alexis « defann tout moun k ap viv nan tan kounya  mete ajenou ni mande moun mete ajenou devan lòt moun pase Bondye. »  Li rale Revelasyon 14.7 ki di «  […]. Adore moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo » pou l jistifye sa l di a.

Pastè Merisca li menm pa rive jwenn yon rekòmandasyon eskliziv nan Labib ki mande moun mete ajenou devan Bondye sèlman. Daprè li, « yon moun kapab mete ajenou devan moun depi nan lespri w se pa adore w ap adore l. »

Ou ka li tou: Men poukisa reyinyon lajenès nan legliz yo pa ka mache ankò

 

Pwofesè Famille Chrétienne lan kontinye pou l di  Labib entèdi nou adore lòt bagay ak lòt moun men mete ajenou pa vle di adore. Selon li menm se kapab yon jès pou mande padon, pou di w regrèt san w pa adore. Pastè a ki se dirijan nan legliz tou panse « se entansyon w genyen nan moman w mete ajenou an k ap detèmine sans aksyon sa nan je Bondye. »

Garry CALIXTE kòm kominikatè sosyal mande moun yo konsidere jès yo daprè kontèks yo. Pou ansyen etidyan Fakilte Syanzimèn nan, se kontèks jès yo anpil fwa ki defini vrè sans yo. « Si se pa sa nou pa t ap bezwen leve men nou tou lè nou pa nan sèvis adorasyon ak Louwanj pou Bondye », pou repete pawòl aktyèl ko-animatè Causerie Week-end lan ki kwè avan tout bagay yon adorasyon sòti nan kè.

 

Daniel Jean-Baptiste

Share

Actualités  / Spiritualité

Comment


Pierre
29 June 2020 at 5:25 am
Reply

Mwen m dako Ak calixte fe gest la pa di anyin c sa ki nan l’esprit w an ki défini saw fe a
Très bel sujet



Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés