• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

Èske se vre labib entèdi yon kretyen manje san bèt ?

7 juillet 2020

Plizyè pasaj nan Ansyen Testaman an entèdi moun manje san bèt. Pou anpil kretyen òdonans sa toujou kenbe, men gen lòt ki panse sakrifis Jezikri a rann yo lib pou manje sa yo vle.

 

Lè Noye ak tou fanmi l te soti nan lach la, Bondye te ba yo plizyè rekòmandasyon pou yo respekte menm jan li te fè sa deja pou Adan ak Èv. Se te premye fwa, Li ta pral bay lèzòm pèmisyon pou manje vyann bèt (Jenèz 9). Petèt se paske dlo te detwi anpil zèb ak legim sou latè.

Pami rekòmandasyon Bondye te fè yo, li te entèdi moun manje san bèt yo te fin touye pou manje yo « paske san yon bèt se nanm li » jan nou li sa nan Jenèz 9.6. Anpil lòt pasaj nan Bib la tankou Levitik 7.25-27, 17.10-12, repete òdonans sa yo byen klè.

Se sou baz vèsè sa yo Juif yo bay san anpil enpòtans jiskaprezan, daprè sa Edzaire Paul ki se Pastè Legliz Metodis Duplan rakonte. Li kontinye pou l di pèp sa te rive konsidere san tankou yon bagay ki « sakre. »

« San enpòtan paske si pa gen san, pa gen lavi. Emoraji, pa egzanp, touye moun rapid », toujou selon pastè a. Men li raple se nan Ansyen Testaman an tout kwayans Juif chita.

Pastè Emmanuel Antoine ki li menm ap viv Kanada dakò relasyon ki genyen ant lavi ak san an. Se poutèt sa, selon li menm, Labib entèdi moun bwè osnon manje san sitou lè se nan yon lide pou fè sakrifis bay zidòl. 

 

Yon deba ki kòmanse lontan

Liv Travay apot yo rapòte yon seri diskisyon ki te deja genyen ant Juif yo ansanm avèk kretyen lòt nasyon yo. Juif yo ki te konsidere Krisyanis la kòm yon pwolonjman relijyon Jidayis la te vle enpoze nouvo konvèti yo yon seri pratik tankou sikonsizyon, manje san ak anpil lòt ankò. Daprè yo menm, yon moun pa ta ka sove san li pa respekte kalte pratik sa yo.

Pou mete bout ak diskisyon sa yo epi chita doktrin nan, apot yo te deside òganize yon konsil nan vil Jerizalèm selon sa nou jwenn nan Travay chapit 15. Diskou apot Jak ki te pran lapawòl nan mitan reyinyon sa se youn nan diskou ki pral make anpil moun jiska jounen jodi a.

« […] mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye. Men, ann ekri yo, an n mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san. », daprè sa nou li nan Travay 15.19-20.

 

Èske yon kretyen kapab manje san?

 

Pou pastè Edzaire Paul, apot Jak te gen diskou sa paske l pa t vle Juif ak Farizyen yo ki te vin asiste Konsil Jerizalèm nan te soti « totalman ensatisfè » de desizyon ki te pran yo. « Sijè prensipal gwo reyinyon sa se te plis sikonsizyon. Lè Juif yo fin pèdi deba sa a, apot Jak te oblije gen diskou sa a pou te evite toujou genyen divizyon ant yo menm ak kretyen lòt nasyon yo », toujou daprè Pastè Paul.

Pou li menm, pa gen pwoblèm pou yon kretyen manje san sof si konsyans li ta anpeche l fè sa oubyen sa ta afekte yon lòt kwayan ki bò kote l. Pou li kore sa l di a, pastè a eksplike se pawòl Jezikri ki fè otorite an premye pou yon kretyen.

« Nan Mak 7.17-23, Jezi fè konnen sa moun manje pa ka mete l nan kondisyon pou l pa fè sèvis pou Bondye », toujou daprè Pastè a ki raple ansèyman Pòl yo fè konnen manje pa kondane moun.

Pastè Emmanuel Antoine li menm kwè Bondye entèdi kretyen manje san menm jan li te fè sa pou Juif yo nan Ansyen Testaman an. « Ansèyman apot Pòl yo plis konsènen vyann ki sakrifye bay zidòl yo paske kesyon san an te deja klè pou anpil nan kretyen yo. Se paske Pòl te konnen manje vyann sakrifye pou zidòl se te yon pratik kay kretyen Efèz, Wòm ak Korent ki fè li te plis chita ansèyman l lan sou sa », daprè pastè a.

Men si kretyen an al achte epi yo vann li yon vyann toufe oubyen ki te sakrifye bay zidòl san li pa konnen, li pa peche nan ka sa daprè pastè a. « Menm si Bondye otorize lòm manje vyann, Li toujou vle fè konnen se li ki chèf lavi. Se nan sans sa li entèdi moun manje oubyen bwè san. »

 

Ou ka li tou: 3 bagay tout paran dwe konnen sou edikasyon seksyèl pitit yo

 

Men si w konnen se sa l ye oubyen yo avèti w, ou pa dwe manje l daprè Pastè Antoine. Anplis konsyans kretyen an se youn nan rezon ki fè l pa dwe manje san toujou selon lidè legliz la ki rale Women chapit 14 pou l jistifye pawòl li. Pastè Emmanuel Antoine presize manje oubyen pa manje san pa afekte kondisyon pou yon moun sove. Sa ki fè kwè deba sou èske yon kretyen ka manje oubyen pa manje san an pral fini lè li rive nan syèl.  

   

 

Foto : Le Nouvelliste

 Hadson A. Albert

Share

Études bibliques

Leave A Reply


Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Poukisa lendi apre Pak la rele lendi Quasimodo ? 11 avril 2023
    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Poukisa lendi apre Pak la rele lendi Quasimodo ?
      11 avril 2023
    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés