Li difisil pou yo òganize yon fèt san li pa gen bwason alkolize. Reyalite a pa diferan nan fèt Kretyen yo ap fè tou. Anpil vèsè nan Bib la pale sou prekosyon moun dwe pran ak alkòl. Men, nan ki nivo yon Kretyen ta dwe bwè alkòl pou li pa peche?
Robenson T. Elibert ap viv nan vil Okay ki se twazyèm vil peyi a. Li pèsevere nan youn nan legliz Batis ki nan vil sa. Li rakonte li toujou bwè alkòl chak lè li jwenn opòtinite. « Chak fwa mwen ap bwè byè, se lè m rive sou 6 mwen kanpe. Men kèk fwa mwen konn rive nan 10 tou. Lè sa mwen konsidere li kòm eksè », se sa kwayan sa rakonte.
Sa gen anviwon 4 lane, Elibert raple li te sou aprè li te bwè anviwon 14 byè. Men, li di li bwè plizyè kalite bwason ki fèt ak alkòl. Sepandan li konsyan anpil alkòl pa bon pou kò a ki, pou li menm, gen yon pousantaj alkòl li dwe pran pou w pa kraze sistèm òganis la. Daprè li, yon moun dwe bwè nan yon nivo ki « ekilibre. »
Elibert rakonte depi l pa sou li pa peche. « Pa bliye Labib di w ou ka bwè depi w pa sou. Mwen pa janm bwè pou m sou. M kontwole m. Si m pa sou, m pa peche », daprè li menm.
Pou Ketsia Clergé, ki se yon jèn kretyen tou, alkòl se pa yon pwoblèm depi moun nan gen kontwòl nan bwè a. « Dayè menm apot Pòl te di Timote alkòl bon pou sante », selon sa l fè konnen.
Ketsia Clergé bwè prèske tout kalite alkòl, men li plis préfère byè ak diven. Li di li pa janm bwè pou l sou. Youn nan avantaj li genyen se òganis li ki toujou ede l kontwòl kantite li ap bwè .
« Mwen gen yon òganis ki ede m jere sa byen. Òganis mwen dijere alkòl byen. Mwen ka bwè yon boutèy diven san sa pa deranje m », toujou daprè pawòl Ketsia Clergé. Li ajoute pou l di li toujou gen alkòl lakay li paske yo toujou fè li kado anpil bwason ki gen alkòl.
Elibert fè konnen li pa bwè nenpòt kote. Kontrèman ak Ketsia Clergé, li di li pa al nan « Bar resto », ni li pa bwè kote ki twò piblik. « Mwen fè sa lakay mwen, lakay kèk zanmi oubyen nan kèk kote mwen abitye », se sa l di nou.
Si gen anpil moun ki gen pwoblèm ak kretyen ki ap bwè alkòl nenpòt kote, tankou nan konsè, Ketsia Clergé li menm pa wè li konsa. « Si yo pa ta ka bwè alkòl nan konsè sa vle di bwè alkòl se yon move bagay », se sa Ketsia reponn avan ki di li kwè sa depann de konsepsyon moun yo genyen de alkòl.
Ketsia rekonèt òganis tout moun pa menm. Li admèt gen moun ki ka reziste plis devan alkòl pase yon lòt. « Yon kretyen pa dwe bwè twòp jiskaske sant alkòl ki nan bouch li a ap deranje lòt moun. Mwen konsidere sa kòm yon eksè tou menmsi moun lan pa sou » se sa li deklare.
Alkòl, yon lòt deba anndan Legliz
Koze bwè alkòl se youn nan sijè ki fè anpil deba nan mitan Legliz pwotestan. Nan Efezyen 5.18, apòt Pòl rekòmande tout kretyen pou yo « Pa soule tèt nou nan bwè diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè plen kè nou ak Sentespri. » Nan Eklezyas 9.7, li ekri byen klè « Ale, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tout sa w ap fè. »
Chaje lòt vèsè nan Bib la ki mande pou kwayan yo pran prekosyon ak alkòl. Malgre vèsè sa yo pa entèdi yon kretyen pratik sa, yon kretyen k ap bwè alkòl ka resevwa anpil kritik nan mitan frè ak sè l yo selon kantite alkòl l ap bwè a ak espas kote l chwazi fè sa a.
Moun k ap kritike yo jeneralman pa rann kont de sa Efezyen 5.8 di a. Poutan, pou yon seri lòt kretyen chwazi vèsè sa pou defann tèt yo. Pou yo, se sèl lè yo ta bwè nan yon nivo pou soule tèt yo yo peche. Aprè sa yo ka bwè kantite yo kapab ni tou kote yo vle.
Konsekans alkòl sou lasante
Alkòl se tout bwason ki fèt ak yon pwodwi yo rele etanòl. Etanòl la soti nan fèmantasyon fwi, grenn bwa ak kèk lòt plant. Gen plizyè tip bwason ki fèt ak alkòl ki ekziste tankou : diven, byè, chanpay, kleren elatriye.
Selon doktè Markendy Jacques ki se medsen rezidan nan Lopital Inivèsite Deta Dayiti, yon vè diven chak jou oubyen 3 a 4 byè chak semèn pa pwoblèm pou sante moun. Li di daprè kèk etid ki fèt yo rive wè si yon moun bwè alkòl ak yon fèb dòz sa ka ede moun lan prevni maladi kadyovaskilè.
« Yon moun ki bwè yon bwason ki gen anviwon 20% a 30% alkòl li fè eksè. Se pa alkòl la ki pwoblèm, men se kantite dòz moun nan pran lè li ap bwè a ki vin tounen yon pwazon pou kò a » selon deklarasyon Doktè a.
Doktè Jacques fè konnen lè yon moun bwè twòp alkòl sa ka fè gwo enpak sou sante li. Enpak la ka fèt a plizyè nivo. Doktè a eksplike « Alkòl ka degrade grès ki pwoteje nè yon moun. Sa konn koz moun lan vin ap tranble. Lè yon moun bwè twòp alkòl regilyèman aprè yon kantite ane, li ka rive nan stad siwoz. Lè sa se fwa moun lan ki afekte. Se dènye stad efè alkòl la ka rive .» Lè yon moun rive nan stad la doktè ka oblije fè dekonpansasyon oubyen transplantasyon pou moun lan.
Pou jere pwoblèm eksè nan bwè alkòl doktè a fè konnen plizyè peyi ki ap veye sou lavi moun eseye mete kontwòl pou konsomatè yo. « Chak peyi gen yon limit yo pa vle yon moun yo depase lè yo ap bwè pwodwi ki gen alkòl. Gen peyi ki pa vle moun bwè yon bwason ki gen plis pase 5.6% alkòl, genyen ki rete sou 6,6% » selon esplikasyon Doktè Jacques.
Bib la mande pou n pran prekosyon
Bib la sijere malad bwè diven tou. Nan 1 Timote 5:23 apot Pòl pale pou l di Timote « Ak maladi lestomak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon. » Pou pastè Jean Claude Pierre « kretyen pa dwe bwè pou l sou. »
Men pou li menm, li t ap pi bon si kretyen yo pa ta bwè alkòl ditou, sof si se ta nan seremoni sentsèn. « Pou mwen, bwè alkòl la pa bon menm. Sèl diven, chanpay e se avèk mezi pou yon moun ta bwè l » se sa sèvitè Bondye a fè konnen.
Pastè Jampson Blanc ki se sikològ tou kwè se pa kalite alkòl la ki enpòtan. Daprè li, Kretyen yo ka toujou reyini pou bwè antre yo men sa ki pi enpòtan se sa Bib la di sou alkòl la nan Pwovèb 20.1 ak 23.20 ak lòt vèsè ankò pou yo mete an aplikasyon.
« Kèk kretyen ka reyini pou yon fèt. Paske yo se Kretyen envite donè a se Bondye. Men youn dwe veye sou lòt pou yo pa abize kò a ak alkòl paske li se tanp Bondye », selon sa pastè « Église évangélique des Rachetés » a esplike.
Daprè Yvan Dalzon ki se Pastè Legliz Lapawouzi, si nou analize byen Efezyen 5.18 ak 1 Timote 5.23 n ap wè Bib la gen yon pozisyon modere sou kretyen ki ap bwè alkòl. Menm jan ak lòt 2 pastè yo, pastè Dalzon fè konnen « li pa rekòmande pou yon kretyen lage kò li nan bwè pou li ta menm rive sou, paske moun tounen esklav tout sa ki gen pouva sou yo. »
Li di yon Kretyen pa dwe esklav anyen. Li raple gen plizyè istwa nan Bib la ki rapòte anpil move bagay moun fè pandan yo te sou. Pami yo, « Jenèz 9 kote Noye te fin travay epi l bwè diven jiskaske li sou. Noye dezabiye li anndan tant li a epi youn nan pitit li yo te vin jwenn li toutouni. Aprè te gen yon pil lòt bagay mal ki t ap pral rive. »
Pastè Dalzon ankouraje kretyen yo pou pa ekzibe kò yo lè yo ta ap bwè yon bwason ki gen alkòl pou pa rann lòt moun peche.
Ou ka li tou: Èske se vre labib entèdi yon kretyen manje san bèt ?
Li rapousib pou l di se pa yon peche si yon kretyen goute yon byè pa okazyon. Men, toujou selon Pastè Dalzon, yon kretyen pa ta dwe al chita sou yon tab nan yon espas piblik kote ki gen moun ki pa kretyen pou ap bwè menm jan ak yo paske lòt moun ki ap gade li a ap wè li mal.
« Sa ka lakòz moun yo fè move kòmantè de aksyon kretyen an. Yon kretyen ki fèb nan lafwa, sa vle di ki manke konn pawòl la, ka deranje si l wè yon kretyen ki ap bwè konsa », daprè pastè Yvan Dalzon. Li raple kretyen yo sa apot Pòl di « Piga libète ou gen an sèvi yon pwoblèm pou lòt moun. »
Molière Adely
Comment
Bib la pa di pou pa bwè, men li di pou pa sou. Se sa ki peche. Kilè yon moun sou ? Nan peyi Lewòp ak Etazini, si ou gen 2 boutèy byè oubyen 2 koup diven, yo konsidere ou sou ase pou pa ta dwe ak kondui machìn. Men tou gen yon lòt pwoblèm: manm batize e afilye nan legliz batis an Ayiti siyen yon alyans ki di y ap evite vann epi sèvi ak bwason ki fè moun sou (“éviter la vente et l’usage du tabac et de boissons ennvirantes”). Lè yon moun siyen yon alyans epi ou vyole li, sa montre yon lòt pwoblèm nou genyen nan sosyete nou. Sanble genyen moun ki pa renmen kontrent ki genyen nan kesyon pa gen dwa bwè byè oubyen diven an. Solisyon an se pa fè mètdam oubyen fè mawonaj. Nou bezwen aprann rezoud pwoblèm yo, chanje sa ki pou chanje, klarifye sa ki enpòtan ki pa dwe jete.