Pantalon, bijou, rad kout: Kilè yon kretyen byen abiye selon Labib ?
Se ak fanm anpil dirijan legliz fè referans jeneralman lè y ap pale de endesans. Kidonk, se yo menm yo bay plis prensip pou respekte nan legliz la. Pou Sister M, sa soti nan anpil pasaj Pòl yo ki te yon apòt ki trè di ak fi akoz sosyete patriyakal kote li t ap viv la. E pou li, vèsè sa yo ta dwe konsidere selon kontèks yo.