B-atitid pa t aktif pandan deseni an t ap chanje nan kòmansman ane a. Men, ekip redaksyon an panse li enpòtan pou atire atansyon sou travay sa yo ki te make 10 lane ki sot pase yo. Men lis nou an!
Atis | Delly Benson
Delly Benson revele tèt li byen bonè nan deseni 2010-2020 an ak yon albòm ki make milye kretyen an e ki kouwone mouvman salmis yo. Depi lè sa, Delly kenbe pari pou li toujou kontinye travay ak anpil reyisit, san kanpe.
Dezyèm albòm li an soti 7 lane apre premye a. Li te genyen 2 CD ladan e te konnen anpil siksè menm jan ak premye a. Jis kounye a, Delly rete youn nan atis kretyen ki gen plis demann.
San pale jan li enfliyanse karyè lòt moun, nan ekri pou yo, osinon ak espas li ofri pou yo prezante tèt yo, tankou emisyon li, ou byen ankò festival li kreye depi kèk lane pandan vakans la. Yon regilarite, yon konstans ak yon siksè ki ta dwe enspire tout lòt atis kretyen yo.
Koral | Gospel Kreyòl
Nan yon peryòd mizik koral ayisyen yo te kòmanse ap bese anpil, Gospel Kreyòl vin pran relèv la e ranvèse tandans ki te genyen an.
Albòm «Sovè a la» a ak anpil mizik ki te rive lwen, etabli rèy koral la e mete l sou tout afich enpòtan yo. Yon enpak ki vin enspire lòt koral Gospel ayisyen yo.
Gospel Kreyòl tou se yon regilarite ki pa gen parèy : 4 albòm ant 2010 a 2019 ! Se difisil pou jwenn yon pwodiktivite konsa nan tout kategori nan peyi a.
Koral gospèl sa pandan 10 lane a, pratikman pa jwenn tan pou li repoze tèlman li fè vwayaje nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo.
Gwoup | Alleluia
« Anpil Wòch Va woule, Lè Nou priye », ak grenn mizik sa, gwoup la fè tout yon piblik dekouvri li, renmen li, swiv li pandan pi fò tan nan deseni ki sot pase a. Gwoup Alleluia, avèk 3 albòm, enpoze li nan peryòd sa ak anpil kantik ki fè wout yo nan tout sèvis anndan legliz.
Se vre gwoup la pèdi prezans li te genyen an, nan dènye ane a yo, men okenn lòt gwoup pa t rive fè sa Alleluia te fè yo soti 2010 rive 2020.
Album | Fasone m (James Smith Alcindor)
Genyen anpil bèl albòm ki soti pandan deseni a ki alye kalite ak siksè epi ki enfliyanse milye evanjellik la tou. Men okenn pa t gen enpak tankou albòm «Fasone M» nan.
Apre Albòm sa, pratikman mouvman salmis la jwenn pi bèl tikè li pou li kreye. Albòm nan mete baz yo : pwezi, bèl melodi, sansiblite, kè ansanm ak deklarasyon yo…
James ajoute yon varyete nan albòm nan lòt moun pa t mete nan mizik pa yo. 10 mòso. 10 «hit». James revele l depi lè a tankou youn nan konpozitè ki gen plis talan nou genyen ak yon albòm ki pa pèdi yon rid, menm 10 lane apre.
Jantwa Sèzz
CP: Levanjil Foto, Koze Kretyen, PDFMINISTRY, Jean-Marc Hervé Abélard
Leave A Reply