• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

” 7 rezon ki fè nou selebre Nwèl “

22 décembre 2019

7 rezon Pastè Edner Jeanty Jr, pastè Legliz Batis Bérée nan Delmas 43, soulve ki fè li menm ak asanble li ap dirije a fete Nwèl.

1. Selebre se yon bon bagay pou yon kominote. Pèp Izrayèl te resevwa lòd nan men Bondye pou òganize plizyè Fèt oubyen Festival chak ane pou raple kèk evénman enpòtan nan istwa yo. Nwèl se yon Fèt ki byen mache ak mesaj kominote kretyen yo.
2. Nwèl raple kijan Jezi te fèt nan yon krèch. Evanjil Matye ak Lik rakonte pati saa nan istwa lavi Senyè Jezi kòm yon aspè ki enpòtan pou levanjil la. Se yon istwa ki merite selebre.
3. Doktrín evanjelik mete aksan sou verite ki di Jezi te fèt yon fason mirakilez, se yon jèn fi vyèj ki te pote li nan vant li epi ki te akouche yon jou. Fèt Nwèl selebre verite sa a nou ansenye e kwè.
4. Gran misyon Jezi te vini fè sou latè se ofri tèt li kòm sakrifis pou nou genyen lavi etènèl. Pou li te yon sakrifis li te bezwen mouri e nou selebre evenman lamò li. Pou li te ka mouri nan plas nou se pou li te fèt epi viv yon lavi san peche. Nwèl selebre nesans sa a ki pèmèt nou gen yon Sovè mèvèye.
5. Nou selebre Nwèl paske legliz depi trè lontan te rekonèt okazyon sa a. Ipolit evèk a Wòm (c. 170 AD – c. 235 AD) te ekri yon kòmantè sou liv Danyèl depi nan ane 202 apre Jezikri. Se te pandan Anpi Woman t ap pèsekite kretyen. Se te byen avan Konstanten te vini Lanperè e te fè legliz vini relijyon leta. Depi nan 3e syèk, kèk lidè kretyen te gentan kalkile Jezi te fèt yon 25 desanm (Hippolytus of Rome, Kòmantè sou liv Danyèl, 202 AD; Julius Sextus Africanus, Chronographiai, 3e syèk).
6. Sosyete yo rekonèt Nwèl se yon moman Pataj, Lamou, ak Lapè. Mesaj levanjil la mache ak tèm sa yo. Lè legliz selebre nwèl ak konsè, mesaj, agap/bankè ou teyat, nou raple vre sans fèt la e kijan li soti nan plan Bondye pou li montre jan li renmen lemond, jan li te anonse kè-poze pou latè avèk limyè nan syèl la, zanj ki t ap chante ak zetwal ki te dirije maj yo.
7. Paske kretyen gen rezon selebre Nwèl pa vle di tout tradisyon fèt nwèl nan sosyete a bon. Legliz dwe raple Nwèl se pa depanse kòb pou fè komès la mache, se pa manje ak goumandiz, se pa bwè jouk moun sou, se pa lage kò nou nan plezi san gade dèyè. Men derapaj sa yo pa rezon pou nou pa selebre bèl istwa Sovè nou te fèt yon bèl jou pou nou ka rive genyen lavi etènèl ak yon bèl esperans.

Share

Famille  / Opinion

Leave A Reply


Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés