1- Li se yon mizisyen pwofesyonèl. Kontrèman ak anpil nan mizisyen evanjelik ayisyen yo, Nicky Christ pa fè mizik kòm yon aktivite akote e se de li l ap viv. Sa fè li pran li plis oserye. Kòm mizisyen, li disipline, regilye e konstan. Li toujou ap jwe e li toujou ap fè mizik, swa pou tèt li kòm atis, swa ak Tami, swa ak koral li ap dirije osinon ak lòt atis li ap akonpaye. Lè li pap fè mizik, li anseye l, nan lekòl mizik li fonde kote anpil jenn nan Matisan ak lòt zòn vin aprann jwe enstiman ak jan pou yo chante. Li se youn nan fondatè tou yon estidyo anrejistreman nan Matisan.
2- Li fè ekilib ant karyè ak ministè. Se youn nan bagay pi difisil pou atis evanjelik yo, pou jere pati atis la ak pati “ouvriye nan lèv” la. Nicky rive fè ekilib sa ant karyè a ak ministè a, pou youn pa anoyete sou lòt twòp. Nicky jwe ni nan gwo konsè, gwo son, gwo pri ak gwo reklam, ni nan konsè gratis san gwo anons anndan Legliz.
3- Li toleran pandan Li gen konviksyon. Nicky se yon modèl tolerans. Li rive antann li ak tout atis nan milye a nan tout stil, menm ak sa ki mwens toleran yo. Se pa li menm ou ap tande ki ap di se mizik li ap fè a ki bon mizik, ke lòt yo pa bon etc. Kalite sa pi enpòtan ankò lè n konsidere Nicky nan yon denominasyon, nou oblije admèt sa, ki pa toujou montre menm nivo ouvèti ak li. Men li pa fè moun akote li santi yo eskli e sa menm ale a moun ki pa nesesèman kretyen. Nan sa li, Nicky swiv egzanp moun li pot non an, « Kris » la.
4- Li pratike imilite, malgre talan li. Se yon pwen ki enpòtan ase pou mansyone li. Nicky Christ fò anpil kòm mizisyen. Anpil anpil. Talan li rekonèt pa meyè atis ayisyen yo e yo souvan solisite e fè louwanj talan sa. Se yon kokennchen gitaris e mayestwo ki gen anprent li nan pi gwo aktivite ki fèt nan milye a dènye ane sa yo. Men malgre tout temwayaj de gwo mizisyen li jwenn, Nicky pa janm monte tèt li, e li toujou pre pou mande e pran konsèy.
5- Li pataje konesans li e ankouraje lòt atis yo. Nicky Christ ede anpil jenn mizisyen, dirèkteman ou atravè Schenatsar Ecole de Musique. Li sou mizik ak gwoup ki gen non, men tou ak sa ki pa gen non. Li toujou jwenn tan pou li pote sipò li ak lòt atis, kèlkeswa dimansyon yo. W ap wè li mete menm pasyon an pou li jwe e pou atis ki pi koni a, tankou Emelien Michel, e pou sa pèsonn pa ko konnen an. Zanmi li yo wè nan li yon moun ki sitou pre pou ankouraje e ede jenn talan yo vanse.
6- Li se yon moun fanmi. Ou pa ka di ou pa konnen Nicky marye e gen yon pitit fi. Sa parèt dwòl kòm yon pwen pou mansyone, poutan se pa tout atis nan milye a non ou konn estati yo klèman. Men Nicky toujou afiche lanmou li pou fanmi li li pa janm pap remèsye pou sipò yo. Jenn chantè a pa enplike nan okenn eskandal, e tout kolaboratris li toujou felisite respè li montre yo. Apa sa, tout zanmi Nicky ap di w li se yon gran frè trè atansyone e pwotektè anvè tisè li, Tami.
7- Li enplike nan aktivite espirityèl Legliz li. Se youn nan bagay nou repwoche atis evanjelik yo twòp. Karyè yo sanble se nan pwogram yo sèlman li mennen, san Legliz yo pa benefisye talan yo a. Se tankou yo tap sere talan an pou li pa “ gaspiye”, e se lè moun peye sèlman moun benefisye de li. Nicky fè diferans sa, piske li se yon jenn enplike nan sèvis nan Legliz li. E pa sèlman nan legliz li non, nan aktivite espirityèl tankou Retrèt beni, kote li se responsab pati espirityèl la. Pap gen yon patisipan nan retrèt beni ki pou pap fè elòj foug li ak jan li enfatigab pou travay benevòl sa.
Leave A Reply