• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

5 rezon ki fè vèsyon korije Chandespesrans la pa (ko) chita toujou

4 mars 2020

Nan lane 2016, libreri « La Presse Évangélique » soti rezilta yon bèl travay nan lokazyon 200 lane pwotestantis la nan peyi Dayiti. Nan travay sa, yo revize vèsyon Chandesperans kretyen yo itilize anpil nan legliz yo. Poutan, jodi a ankò, lè y ap chante yon chan ki te korije, genyen yon kakofioni ant 2 vèsyon yo ki raple nou ansyen vèsyon an toujou prezan.  Nouvo vèsyon an toujou pa ko rive enpoze li jan sa ta dwe fèt.

Pase men ki te fèt la manyen pwoblèm sou lang nan, sitou lang kreyòl la ki evolye depi premye vèsyon an, men tou pati franse a. Koreksyon yo gen pou wè tou ak erè « teyolojik » anpil tèks te genyen.

« La Presse Évangélique » te pwofite ajoute tou kèk nouvo chan. Pami yo gen chan ki vin gen kouplè anplis. Men 5 rezon selon nou menm ki fè nouvo vèsyon an pa rive ranplase ansyen an.

 

Yon Chandesperans se yon liv sakre pou fidèl yo

Yon chandesperans pa yon liv sen, tankou yon Bib. Men pou moun ki genyen li yo e ki leve ak li, se yon liv sakre pou respè li genyen ak plas espesyal li nan sèvis yo bay Bondye. Chak egzanplè genyen yon valè senbolik ki entrensèk tou pou propriyetè li. Chandesperans li a ansanm ak chak ti kote li ekri ladan l, se yon siy evolisyon espirityèl li.

Sa mennen nou tou a valè santimantal oubyen atachman moun yo genyen a rekèy chan an nan vi kretyèn yo. Sa vle di, liv moun nan genyen depi 10 ou 15 lane a, li genyen yon valè ki gwo pou li. Kidonk, sa mande delikatès ak estrateji pou eksplike li sa ki fè liv li leve ak li byen pwòp la pa bon ankò.

 

Chandesperans la pa jis liv ki enprime a ankò

Se yon erè pou panse Chandesperans la se jis liv ki enprime e ki nan men nou an. Chan yo rive nan nivo kote se nan memwa moun yo li chita. Eske nou pa konn wè jan se yon fyète, pou moun nan lage 2 gidon, ap chante san l pa gade liv la nan asanble a ? Korije chan an se korije sa ki nan tèt li a tou.

Lòt bagay ankò ki ranfòse pwoblèm nan, se jan ansyen vèsyon an rive pwolonje menm an deyò de liv enprime a. Se sitou ansyen vèsyon ki travèse nan nouvo zouti teknolijik yo. Anpil aplikasyon ak sit entènèt kote fidèl yo ale an liy pou yo chante toujou itilize vèsyon ki pa korije a.

Pou fini, chan anpil atis (nap salye Emma Achille ak Rodlin Pierre sou trak sa) anrejistre sou albòm e ki fin popilè yo tou yo nan ansyen vèsyon an.

Kidonk, yon kanpay total ta vle di mete estrateji pou ranplase tèks yo tou kote ki kenbe tras yo.

 

Ranplase Chandesperans la fè fidèl yo depanse

An nou klè sou sa, pou moun ki genyen ansyen vèsyon Chandesperans la, se yon dezavantaj pou pòch li pou ranplase chan li a. Paske se yon lòt depans li pral fè alòske li genyen yon chan deja. Sa vle di, l ap peye 2 chan alòske se pa li ki lakòz erè yo.

Se sa ki fè diferans la ak si se te jis yon vèsyon ki ogmante jan sa te toujou egziste. Lè sa, li peye ankò pou yon chan ki gen liv anplis, si l t ap vle gen yon liv anplis. 

Men si se pou erè, li sanble ap fè yon defisi, pandan gen yon moun ki ap touche 2 fwa. Sa bay lenpresyon gen yon aspè komèsyal. Anyen pa di li kòm kliyan, nan 5 lane yo pap korije e mande li peye ankò.

Youn nan bagay ki te ka fèt pou evite 2 vèsyon yo abite ansanm, se te mande moun yo pote ansyen vèsyon an epi yap ba yo nouvo vèsyon an. Taktik sa tap jere yon bon pati nan pwoblèm nan paske anpil ansyen chan tap rantre epi kliyan yo t ap wè yon avantaj. Bon, an n di yo tap bay yon ti kòb men fòk li ta piti anpil pou fidèl la wè yon avantaj nan tranzaksyon sa.

Ou ka li tou: Èske yon mizisyen kretyen ka al jwe nan kanaval?

 

Aspè patisipasyon ak kominikasyon

Yon lòt faktè ankò nou ka konsidere, se mank patisipasyon gwo piblik la nan pwosesis koreksyon yo. Tankou la te ka genyen gwo konsiltasyon piblik sou tèks ki bay pwoblèm yo (lasyans pwouve, lè moun nan patisipe nan yon bagay, li pi fasil apropriye li zèv la).

Nou te ka panse tou kòm rezon, a mank kominikasyon sou koreksyon yo yo menm. Sitou nan domèn teyolojik yo. Anpil nan koreksyon yo mande eksplikasyon. Poutan, nou jis jwenn yon tèks ki chanje san konprann poukisa. Si moun yo te pi konprann yo t ap plis ka dakò koreksyon yo e dakò kite ansyen vèsyon yo.

 

Itilizasyon Chandesperans la desann nan legliz yo

Men nou pa p bay tèt nou manti tou, Chandesperans yo mwens itilize nan sèvis yo tou. Ak gwo ekspansyon legliz evanjelik yo, anpil aspè tradisyon nan jan sèvis yo te konn ye chanje. Youn ladan yo se ouvèti nan zafè mizik.

Jounen jodi a, mizik kontanporèn nan anvayi espas kretyen yo. Sa ki fè plas chandesperans la vin diminye. Souvan se kè adorasyon yo oubyen mizik adorasyon etranje yo– sitou ameriken – ki tradui. Konpozisyon atis lokal yo tou pran anpil nan espas sa yo. Sa ki tou ralanti angouman pou moun nan achte yon nouvo Chandesperans.

Yon lòt bò, Chandesperans la mande aplike estrateji tou pou li pa vin yon zouti ki pase mòd, men pou li antre nan peryòd aktyèl la plis toujou. Youn nan pa ki dwe fèt nan direksyon sa, se lè yo mete chante gwoup ayisyen tankou Alabanza ak Les Gilbert ladan l.

 

Jantwa Sezz

Eske ou menm tou ou panse gen lòt rezon ? Eske Legliz pa ou kontinye bay Chandesperans yo gwo espas nan kilt yo ? Fè nou konnen nan yon kòmantè.

Share

Actualités  / Évènements

Comment


Cyndia Destin Loppe
7 March 2020 at 10:22 am
Reply

Mwen felesite w pou atik la, ou fè bon travay, mwen renmen sa.
Mwen panse se yon lòt pwen ki tap bon tou, moun yo sèlman lage vèsyon korije a san okenn eksplikasyon, kèk moun achte l epi yo ap chante se rete ou rete ou wè kakofoni an epi lè sa gen moun ki wè se yon vèsyon korije, anpil dirijan pa menm pran tan pou yo eksplike sa legliz yo pou yo montre moun yo enpòtans lan, yo tj chante nan chan desperans lan nan legliz mwen, sitou nan premye pati sèvis la
Mèsi



Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
    • Poukisa legliz Pwotestan pa dakò fidèl yo fè maryaj sivil? 19 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ?
      30 novembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés