Pale de peche jan Labib fè konprann li an se pa yon bagay ki fasil paske liv la pa drese yon bèl pòtrè pou lèzòm sou kesyon sa. Se sa k fè anpil predikatè, lè y ap preche, itilize yon seri estrateji pou rann konsèp la malerezman pi abòdab.
Lè konsa yo devye sa Bondye di a pou yo rann levanjil la pi modèn. Men 5 move kwayans anpil moun genyen de peche yon kretyen dwe kwape.
1- Konfonn peche a ak konsekans li
Anpil predikatè toujou vle moun kwè Jezi te vini pou sove lemonn de yon « sans kilpabilite, yon vid oubyen yon bezwen yo genyen pèsòn pa ka konble. » Kèk nan yo konn fè referans a pawòl Blaise Pascal la ki fè kwè chak moun gen yon vid sèl Bondye kapab konble.
Bagay sa yo vre, men yo se konsekans peche lòm nan jaden an (Jenèz 3, 4). Prezante levanjil la nan fason sa se fè moun nan wè tèt li tankou yon viktim alòske pwoblèm nan pi konplike pase sa. Se vre prezante pawòl la konsa pi fasil, men se pa sa labib fè konnen.
Labib nan anpil vèsè fè lòm konnen konnen li koupab paske li dezobeyi Pawòl Bondye, li ignore kòmandman li yo, li peche kont Li.
2- Redui peche a ak yon senp relasyon ki gate
Gen kèk kretyen lè y ap preche tou ki jis vle fè konprann peche a se yon senp relasyon ant lòm ak Bondye ki te gate aprè Adan ak Èv te fin dezobeyi Bondye. Poutèt sa, depi yon moun jis mande padon tout bagay ap ranje. Yon imaj konsa ka defòme sa yon moun konprann de levanjil la.
Prezante levanjil la konsa montre lèzòm pa t vyole okenn Lwa Bondye oubyen Bondye pa fache kont yo akoz peche yo e pou sa pa p gen jijman. Se vre peche a te koupe relasyon nou ak Bondye, men li pa sa sèlman. Bondye te rejte lèzòm pou peche l te fè a tou. Si se te yon senp relasyon ki te gate sèlman, sakrifis Jezikri a pa t ap gen okenn sans.
3- Konfonn peche a ak panse negatif
Se malerezman sa anpil pastè ak predikatè levanjil pwosperite vle fè kwè jounen jodi a. Pou yo repantans vle di, yon senp chanjman mantalite. Pa panse ak maladi, panse ak lasante. Pa panse ak povrete, panse ak richès.
Malerezman, diskou yo a sanble tèt koupe ak pa sèpan an nan jaden Edèn nan ki te vle fè moun yo konprann dwe panse pozitivman, yo dwe louvri panse yo pou yo wè ki pouvwa yo genyen. E, labib li menm montre anpil nan pwoblèm nou se konsekans twò gwo konfyans nou gen de tèt nou.
4- Konfonn « peche a » ak « peche yo »
Gen gwo diferans ant konprann ou koupab paske w komèt peche e rekonèt tèt ou koupab de peche nan sans global tèm nan. Anpil moun pa gen pwoblèm dakò yo konn fè peche, men pou yo se antouraj yo ki lakoz. Poutan, peche a abite w menm selon labib, sa vle di li nan nati w e se sa ki konn difisil pou yon moun admèt.
Lòm gen nati kowonpi paske peche a abite byen fon nan kè l, se sa labib di. Nou kondane « anba kòlè Bondye (Efezyen 2.3) . » Se peche a ki te fèt nan jaden an ki rann nou koupab e kowonpi konsa.
Nan Matye 15.19, Jezikri di « Se nan kè l [Lòm] tout move lide sòti, lide touye moun, fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. »
Se tout kò nou, lespri nou, emosyon nou ak santiman nou ki gate anba peche. E, Pòl rakonte nan Women 8.7, « lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li pa p soumèt devan lalwa Bondye a, li pa p ka soumèt menm. »
Ou ka li tou: Coronavirus: Les Chrétiens peuvent-il prendre la Cène sans l’autorisation de leur pasteur ?
5- Bondye pa p pini peche
Se pa paske mond lan konsa ki vle di Bondye pa pini peche. Labib aprann nou, Bondye se yon Bondye Sen e Jis ki pa gade peche konsa konsa.
Ezayi 59. 2 fè konnen « se mechanste nou yo ki mete yon baryè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l vire figi l pou l pa tande nou. »
Jeneralman, moun itilize pasaj sa pou eksplike silans Bondye se vre. Men li pa sa sèlman. Se yon pasaj ki avèti nou jan jijman Bondye kont peche tèrib. Sonje sa Li te di Moyiz nan Egzòd 34.7 « li pa nan kase fèy kouvri sa » lè yon moun fè peche.
Gen yon jou, kòlè Bondye va sou lèzòm akoz peche yo e lè sa yo pa p gen kote pou yo kache (Revelasyon 6.16-17 ; 19.15). Labib pale de yo letan dife ki pare pou pechè yo tou nan plizyè pasaj li (Mak 9. 43, 48). Pa kwè Bondye pini peche, se pa kwè nan pawòl Bondye.
Bibliyografi: Greg Gilbert, What is the Gospel, 2010, Ed. Crossway, Wheaton, Illinois
Hadson A. Albert
Comment
Se yon tre bon atik.
Mesi