Leta nan peyi Dayiti kanpe tout sèvis legliz yo aprè rantre pandemi Kovid-19 la sou tèritwa a nan mwa mas ki sot pase a la. Depi lè sa, gen yon seri move enfòmasyon k ap sikile nan mitan yon sektè pwotestan an.
Move enfòmasyon se youn nan lòt konsekans pandemi Kovid-19 la kreye nan mitan sosyete yo. Malerezman, sitiyasyon sa egziste tou nan mitan kretyen pwotestan yo tou. Anpil fwa, se la menm yo pran pye e moun plis kwè ladan yo pase bon enfòmasyon yo.
1- Viris la soti nan yon laboratwa satanik
Pawòl sa te menm soti nan bouch youn nan pastè ki pi enfliyan nan sektè pwotestan an ki pa t kontan desizyon pou fèmen legliz yo. Pou reprann pi byen, pastè sila te deklare se daprè rechèch li, li fè konklizyon sa e laboratwa sa egziste yon kote sou latè li pa t rive site.
Pa gen okenn prèv sou sa pastè a di a. Tout rechèch syantifik montre viris Kovid-19 la se yon Zonoz ki devlope nan peyi Lachin. Yon Zonoz se yon maladi yon bèt ki gen zo kapab transmèt bay moun e moun kapab transmèt bay bèt tou.
Labib tou pa montre okenn prèv kote Satan te posede yon laboratwa pou kreye maladi sou latè. Depi nan Ansyen Testaman, gen istwa ki fè nou konnen gen maladi tankou lèp ki te deja ap fè gwo dega nan mitan pèp Izrayèl la. Men labib pa janm deklare youn nan maladi sa yo se Satan ki te kreye l apati yon laboratwa kèlkonk. Kidonk, pa gen mwayen pou moun verifye enfòmasyon sa ditou.
2- Se Pap la ki fèmen legliz
Malerezman, anpil kretyen kwè nan teyori konplo sa ki vle fè kwè se pi gwo lidè legliz katolik la ki itilize yon pretèks pou fèmen legliz pwotestan yo. Anpil, nan yo al chèche eksplike kèk vèsè nan Apokalips san yo pa rann yo kont de kontèks vèsè sa yo.
Pap la kote li ye nan peyi Itali a, oblije met tèt li anndan pou li pa trape maladi nouvo Kowonaviris la. Sa demontre li se yon moun menm jan ak tout moun, ki gen limit li menm jan ak tout moun. Nenpòt ti neglijans ka fè l peye konsekans Kovid-19 la menm jan ak tout moun.
Anplis, se pa sèl legliz ki fèmen atravè lemond. Se tout aktivite ki ka rasanble moun ki kanpe, tankou lekòl, sinema, spò, elatriye. Kidonk, gen yon bann antreprenè ki pa ka fè lajan. Yon sèl Pap pa ase puisan pou li ta kanpe tout aktivite nan mond lan konsa konsa.
3- Se premye fwa yon bagay konsa rive
A chak fwa, yon fenomèn menase yon kominote oubyen limanite, anpil kretyen gen tandans kwè sa pa t janm rive avan. Sa fè yo tonbe nan yon fasilite pou montre fen mond lan rive. Ak Kovid-19 la, anpil kretyen, yon lòt fwa ankò, tonbe nan fè fo deklarasyon sa yo.
Lèp, lapès, lavaryòl, lafyèv jòn, grip panyòl, elatriye, se yon bann pandemi ki te make listwa limanite nan touye anpil moun. Yon pandemi tankou grip panyòl touye ant 50 a 100 milyon moun sèlman sou kontinan Ewòp la.
Labib pale anpil sou dega lèp te konn koze nan mitan pèp Izrayèl la epi listwa Dayiti rapòte sou lafyèv jòn tou. Sa pa ban nou dwa pou nou di Kovid-19 la pa yon siy dènye tan, men li klè se pa premye pandemi ki atake mond lan.
3- Viris la envizib, moun kwè l. Bondye envizib tou, yo pa kwè l
Deklarasyon sa pataje anpil sou rezo sosyal yo ak mesajri Whatsapp yo. Kretyen pataje l nan lide preche moun levanjil, se vre, men sa pa anpeche mesaj la se yon fo enfòmasyon.
Yon viris se pa yon bagay ki vizib ak 2 je w, men si w itilize yon mikwoskòp w ap wè l alèz jiskake w kapab etidye konpòtman l. Kidonk, li pa envizib.
Se labib menm ki aprann nou Bondye envizib (Jan 4.23; Jan 1.18). Sa vle di, pa gen okenn zouti materyèl ou ka itilize pou w vin rann li vizib. Sèl mwayen pou w apwoche L se pa lafwa nan Pawòl li, ki se labib.
Ou la li tou: Èske resite Sòm 91 ka fè yon kretyen pa pran Kowonaviris
5- Kretyen pa ka pran Kowonaviris
Se byen tris anpil kretyen kontinye kwè gen yon moun ou yon resèt mirak ki ka trete kowonaviris. Lide a li menm kontrè a prensip labib kote nou wè prensip ijyèn kont on seri maladi trè rekòmande.
Labib pa yon liv enkantasyon kote sou baz yon kwayans ou yon priyè ou ka jwenn yon très cheve ou yon ti grenn alimèt pou w al fè mirak. Bagay konsa se maji, Bondye pa rekonèt yo.
Yon bib se yon liv ki montre w sajès Bondye a. Li pa blennde w, ni pwoteje w. Se Lespri Bondye a ki fè sa e wòl Lespri a se ba ou bon konprann. Kòman pou yon moun ki gen bon konprann fè pa vle pran mezi ijyèn pou evite yon maladi (Detewonòm 23:13-14 ; Levitik 17) ?
Se te deja devwa nou pou nou priye nan tout sikonstans. Se devwa nou tou pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou pou nou pwoteje lavi Bondye ban ou an. Pou rès la, li sou kont pouvwa Li ak volonte L.
Hadson A. Albert
Leave A Reply