• Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Etudes bibliques
  • Évènements
  • A propos
  • Contactez-Nous
  • Suivez-Nous

  • Home
  • Actualités
  • Spiritualité
  • Études bibliques
  • Évènements

3 bagay tout paran dwe konnen sou edikasyon seksyèl pitit yo

6 mars 2020

Edikasyon seksyèl se yon sijè apa ki merite yon tretman apa. Men sa pa yon rezon pou menm fòmatè ak paran refize abòde l jan sa dwe ye tankou nou remake sa fèt jounen jodi a. Paran yo dwe konnen sa se youn nan responsablite nan levasyon timoun. Nan atik sa, n ap envite yo panse sou 3 bagay nou kwè ki enpòtan nan edikasyon seksyèl.

 

Edikasyon seksyèl pa vle di aprann fè bagay

« Koze sa pa pou timoun », se youn nan pawòl tèt anba nou konn jwenn nan bouch paran lè yon moun mande si l fè edikasyon seksyèl pitit li. Gen paran ki kwè si yo pale sou seksyalite ak timoun yo se tankou yo voye yo al fè bagay.

Non Mezanmi! Se pa konsa sa ye. Edikasyon seksyèl pa vle di montre fè bagay. Se pito yon dyalòg ki tanmen sou baz konfyans epi ki chita sou bon jan enfòmasyon seksyèl, san kòde mo, san jijman.

Li pèmèt timoun lan konnen, nan bon ti mamit, tout sa l dwe konnen sou seksyalite. Tankou kijan kò l fonksyone, ki rapò lespri li devlope ak koze fè bagay, kisa ki ba li anvi li genyen yo. Alaverite, sa yo se kèk nan yon bann kesyon yon paran pa p ka reponn si li pa byen enfòme sou sa yo rele seksyalite a.

 

Fè edikasyon seksyèl mande bon jan enfòmasyon

Gen yon pwovèb kreyòl ki di « sa w genyen se li ou bay ». Kidonk, li difisil pou yon moun ki pa t resevwa bon jan edikasyon seksyèl ta rive bay pitit li youn ki byen fèt. Men fò n dakò se pa yon bagay ki enposib si paran an vle aprann.

Si tout bon paran an rann li kont li pa gen ase konesans sou sijè a, li ka deside pran bonjan bèt sou koze seksyalite nan dokiman ak aktivite ki la pou sa (liv, konferans, konsiltasyon). Li ka chèche jwenn avi tou bò kote bon jan pwofesyonèl ki la pou sa tankou seksològ, sikològ, medsen ak konseye familyal yo. Men youn nan fason ki pi senp ankò se videyo pedagojik ki disponib sou bon jan sit entènèt yo kounya.

Fè edikasyon seksyèl la mande pou paran an konnen kijan ak kilè pou l fè l tou. Li dwe konnen tout detay sou timoun nan tankou nan ki laj on seri konpòtman sekyèl mache kay timoun yo, elatriye. Paran an pa ta dwe neglije aprann sou edikasyon seksyèl paske « responsab se chay. »

 

Kredi foto: Freepik

Yon edikasyon seksyèl ki mal fèt pote danje

Nan yon liv ki pote non « Sexualité* », Doktè Schultz rakonte kijan yon papa echwe nan fason li te tanmen edikasyon seksyèl pitit fi l ki te gen douz lane. Pou eksplike kijan moun fè pitit, papa a deside mennen tifi a flannen.

Li tonbe pran egzanp sou flè ak sou fason ti zwezo ponn ze, li eksplike tifi a mès ti gazèl ak chat. Bout pou bout, li mande tifi a si li konprann kisa seksyalite a ye. Tifi a reponn tou dousman « mèsi, papa ! Kounya mwen konnen bèt yo fè menm jan ak moun. »

Ou ka li tou: Kijan pou w reponn « NON » lè w pa renmen l ?

Men ki dega demach malonnèt papa a lakòz nan tèt tifi a. Yon bon edikasyon seksyèl chita sou onètete, serye ak presizyon ki genyen nan pawòl paran yo. Se sa ki pral rann timoun lan alèz pou l poze tout kesyon k ap brase bil li yo.

Lè yon timoun poze yon kesyon klè, l ap tann yon repons klè. Si yon paran kwè li ka chanje sa nan tòde pawòl ak envante tout kalite istwa fant zòtèy pou evite bon repons la, se li ki fè erè.

Timoun lan « pa egare » jan pifò nan nou kwè li a. L ap kontinye chache repons lan si ou pa ba li l. Finalman, l ap jwenn youn kanmenm yon kote oswa nan bouch yon moun. Anpil fwa, se la li kòmanse jwenn konesans ki pa kanpe sou anyen yo epi ki konn mennen latwoublay nan tèt li, nan kò l ak nan relasyon li pral genyen pi devan.

Fè edikasyon seksyèl timoun se devwa tout paran responsab. Pou rive fè sa byen, paran an dwe fòme pou sa epi pran tan pou fè sa. Sinon demen li ka regrèt sa.

 

 

Daniel JEAN BAPTISTE

*C. Jamont, La Sexualité, coll. Marabout Université, éd. Gérard& Co, Verviers (Belgique), 1964

Share

Famille  / Relations

2 Comments


21 March 2020 at 9:14 am
Reply

Mèsi pou bon jan fòmasyon as



8 July 2020 at 12:42 pm
Reply

Merci Daniel



Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

  • RÉCENTS

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ? 23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint 11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo 3 décembre 2020
    • [OPINION]: Existe-t-il aujourd’hui, des villes pires que Sodome ? 30 novembre 2020
    • Faut-il être protestant pour être sauvé? 23 novembre 2020
  • VISITEZ-NOUS SUR FACEBOOK

    Facebook Pagelike Widget
  • TAGS

    Albòm Atis B-Atitid Belle Bois-Caiman Chretienne Chretiens Chritianisme coronavirus covid Delly Benson Deseni Developpement Dieu Divinité Fils-Aimé Gospel Kreyol Groupe Alleluia Gwoup Haiti James Smith Alcindor Jésus Koral Lafanmi Lanmou maladie Mizik Persecution Religion Renmen réponse Vodou église épidémie


  • Recent Posts

    • Les « assassinats » attribués à Dieu dans la Bible sont-ils justifiables ?
      23 mars 2021
    • [Opinion]: En guise de réponse au Pasteur Claude Louissaint
      11 décembre 2020
    • Legliz Pwotestan pa janm fè efò pou entegre kretyen andikape yo
      3 décembre 2020
  • Popular Posts

    • Non, cette chanson n’est pas une chanson chrétienne !
      6 octobre 2017
    • [OPINION]: La fausse conception de l’église du sexe qui fait souffrir
      11 mai 2020
    • 7 bonnes leçons à tirer de InHaiti
      17 janvier 2018
  • CONTACTEZ-NOUS

    Tel: (509)3445-7569/ 4860-3077
    Email: b.atitid@gmail.com


  • Home
  • A propos
  • Contactez-nous
B-atitid © Tous Droits Réservés